Yèswa m eseye dòmi Poutan je mwen te rete louvri, Lespri m te chaje kesyon M pa t kapab jwenn Pyès solisyon: Kibò lavi mennen m? Èske m ap viv Pou m wè demen? Pafwa m mande yon ti kore Fè m santi w pi pre, BonDye ... Pou mwen poze Tèt mwen sou zepòl ou Pou mwen fouye Pi fon nan Pawòl ou Tanpri souple Pa kite m mache Lwen volonte w M ap toujou sonje Pwomès ki di W p ap janm kite mwen Poutan mwen konnen Byen plezi kapab Rale m byen lwen w Men w ap toujou Tou pre m – erè, betiz mwen korije E plas mwen toujou Rezève nenpòt kilè m t a deside Chorus ... Pou mwen poze Tèt mwen sou zepòl ou Pou mwen fouye Pi fon nan Pawòl ou Tanpri souple, Pa kite m mache Lwen volonte w, volonte w Kite m poze tèt mwen Sou zepòl ou Kite m fouye pi Fon nan Pawòl ou Tanpri souple, Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w Pa kite m mache Lwen volonte w