Ou chita bò kotém epiw mandém kijan m yé la Palém de plan ou yo, ki kotéw pralé jodi a Ou tretém ' an byen, avèk gwo jantiyès Sa son bokit lanmou Ou pa gen okenn idé sa kap pase nan kèm la Son tanpèt siklòn, lè mwen wè ou kap souri Nan vizaj ou, espwa naturèl kap fleri Ou souri lè w ap palé dé sa ki fèw kontan E bò koté pam sa te fèm plezi Se tout ti palé nou, sé té sou avni Paske mwen renmen ou byen fò, men mwen jis reté an silans Kèm map toumanté lèw devanm, epim mwen pa ka anbrasé ou Li enpé difisil pou mwen, paské nan viw gon lòt moun kap tann ou E mwen se zanmi ki pran swen ou, lè nou a 2 Ou te konpòtéw byen, men absans ou ap finn feblim chak jou Byenké sekrè sa a kòmanse nwayém Pafwa mwen imajiné ke li pa egziste ankò Ke sé ou menm ak mwen, san gadé dèyè Men, malgré tout dout la sosyeté, men sé Bondyé sèl ki konnen Fanmi, zanmi yo tout ap bougonnen Mwen aprésyé chak jès, chak akolad ou ban mwen Malgré andédan mwen, santi mwen pa ka pran li ankò Petèt yon jour wa va gadé mwen plis ké yon zanmi Epi bèl ti pawòl palé epiw, pa dim anyen Men tout espwa mwen, se wè ou nan bra mwen, pou jan mwen renmen ou, ak raj San manti son lanmou ki depasé limanité Sam mandé Bondyé, pwotejé istwa nou dé Paske mwen renmen ou byen fò, men mwen jis reté an silans Kèm map toumanté lèw devanm, epim mwen pa ka anbrasé ou Li enpé difisil pou mwen, nan vi ou gon lòt moun kap tann ou E mwen sé zanmi ki pran swen ou, lè nou a 2 Rete kontan, e mwen tèt frèt Lanmou sa a, ap reté nan kèm an silans Jis zanmi w Jis zanmi w