Ou te vin sou mwen trè janti, byen dousman tankou ti inosan Tankou w pat ka kase ze w tap gade mwen tout en souriant Galan pase w pat genyen w te menm konn louvri pòt machin nan Pote flè pote kado ou te definisyon bon jèjan M te baw kè m san ezite Tankou se sèl ou k egziste Pou zanmi m yo m ekate m ekate Kòmsi m te fin abitye Mwen louvri pòt kò m baw antre Nan bat je mwen wè se do ou ki pwale Ou pat janm renmenm Cheri w pat janm renmen mwen Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m Kounya lè m rele w nan telefòn ou pran pòz toujou okipe Ou fè mwen santi m son moun ou dwe pou mwen ou toujou nan kache Kounya ou vin genyen yon lòt vizaj on zanj ki vin tounen on demon Si m te konnen ou pat vin pou w rete nan vi m pa tap kite w antre Paske w te vle jwe nan kò m ou jwe a kè mwen avan Ou fin jwen sa w te vle a kounya m espere w kontan Kontan kontan kontan Ou pat janm renmen m Cheri w pat janm renmen mwen Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m Sere m pou on moman on moman ou t ap pase Mwen m te vle w pou tout tan jouk tan mwen trepase Ou van mwen fo rèv ou ban mwen fo pwomès Antouka ou bon sou mwen baby baby babyy Ou pat janm renmen m Cheri w pat janm renmen mwen Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m Ou pat janm renmen m