M konn ap veye granmoun ki chita ap pale De zanmitay nan le pase ke jodi a yap chèche Mwen konn tande moun kap di ke lanmitye De nos jour pa janm dire gen sak di l pa egziste Men lè m gade mwen avè w tout sa nou pataje M pran diksyonè an mwen pou m chèche M pa wè lòt sa w te ka ye Ou se solèy nan lajounen mwen Bel linn zetwal nan lannwit mwen Ou se lapli le sechrès mwen Ou seee Ou se sèl nan manje m Enkanasyon bondye nan je m Batman kè mwen Wi ou se pi bon zanmi mwen Si w byen gade w ap wè se sak pa manke Nan fon kè w si w byen chèche w ap jwenn youn kite kache Sa konn rive kè n gen kont fè ti fache Fè kèk tan sann pa pale menn toujou rekonsilye Koz lè n gade mwen avè w tout sa nou pataje Nou patap janm ka imajine ke'n genyen poun separe Ou se solèy nan lajounen mwen Bel linn zetwal nan lannwit mwen Ou se lapli le sechrès mwen Ou seee Ou se sèl nan manje m Enkanasyon bondye nan je m Batman kè mwen Wi ou se pi bon zanmi mwen Ou konn sa m vle lè m pa mande Ou konn sa m panse sanm pa pale Lè m bezwen'w ou pa janm twò lwen ou pran defans mwen Ou konn janm ye lè m pa kontan Suporte m nan move Moman'm yo Ou voye jew sou mwen detanzantan Ou se solèy nan lajounen mwen Bel linn zetwal nan lannwit mwen Ou se lapli le sechrès mwen Ou seee Ou se sèl nan manje m Enkanasyon bondye nan je m Batman kè mwen Wi ou se pi bon zanmi mwen