Yon lòt jou, yon lòt kou Relasyon nou devan deye Ou atake'm, mwen proteje'w Rive yon lè, fo'nn louvè je'n Jwet sa nap plede jwe Ap lonje dwet, akize Pap mennen nou okenn kote Nap mete l'avni'n an danje Li an danje Li an danje Li an danje Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman Ou koule nan sanm, annou travay ansanm Met tet ansanm Mwen refize, mwen pap aksepte Pou nou reziyen, san n'pa esaye Si nou pral goumen, goumen pou lapè Ou menm ave'm Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman Dekouraje, mwen dekouraje Santi anyen pap janm ka chanje Pa ke n'pa kapab, se komsi n'pa vle Nap reziste chanjman Pa yon bagay ki fet fasil, non, non Li koute chè, pa fèt rapid, o o An atandan nap vire won Nou sou tansyon Nou sou tansyon Nou sou tansyon Nou sou tansyon Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman Ou koule nan sanm, annou travay ansanm Met tet ansanm Mwe refize, mwen pap aksepte Pou nou reziyen, san n'pa esaye Si nou pral goumen, goumen pou lapè Ou menm ave'm Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman Un pas en avant, 3 pas an arriere Si nou pral danse, ann fe'l pou de vre Tan ap ekoule, annou leve pye'n Pou nou sa vanse Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman Ou koule nan sanm, annou travay ansanm Met tet ansanm Mwe refize, mwen pap aksepte Pou nou reziyen, san n'pa esaye Si nou pral goumen, goumen pou lapè Ou menm ave'm Manman Ou konnen lanmou mwen gen pou ou S'on chay ki lou Manman