Si m te kapab m tap remonte le temps Gen anpil erè m fè m tap korije M tap kalme m aprann metrize m Emosyon pa tap gide m hey hey Ego nou konn fè n mal aji Konpòtman konn voye vye enèji Nou konn sèmante nou pap janm pale Aprè n ri pwòp tèt nou lè n rekonsilye Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote Lè nou fache nou rann tèt nou soufri E san nou gate n anpeche lòt souri Nou pèdi fòs chak lè nou dezini Lè n pa pale se pwòp tèt nou n pini Ego nou konn fè n mal aji Konpòtman konn voye vye enèji Nou konn sèmante nou pap janm pale Aprè n ri pwòp tèt nou lè n rekonsilye Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote Be Be Bedjine Chak fwa nou choute nou toujou fè gòl Pa koute kolè ou Bondye si se sèman m yo w fè m peye Yo pa sot nan kè m vre Bondye si se sèman m yo w fè m peye Ebyen mwen regrete Montre w louvri kè m san mezi Fè lòt soufri pou granmesi M prime laye m mwen santi kè m vin twò di Padone m tanpri Mwen pa louvri kè m san mezi Pa kite plas pou mwen rayi M santi konsyans mwen anestezi Klere chimen lavi m oh Bondye Pa koute kolè ou Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye si n gon vi prive vye mo kap repete Gen bagay nou ka evite lè n ap diskite Nou bliye Nou bliye konsekans sa ka pote