Apiye sou yon bra ki pa solid se tankou nan dezè Sahara ki san dlo Kwè nan moun ki kwè nan yon lòt, s'on istwa vrè ou fo Ret viv prè yon moun ki ap viv lwen ou se entènèt san Google Sa k nan kè yanm pou ou tout sa k konnen l son kouto Ou pito defisi mwen pou benefis yo, uo o Ou pito banm refi mwen pou w ba yo viza yo M pap janm vle vi sa Mete'm chita, pal avè'm Ou ka blese'm, m pap mouri Si ou pa avè'm, non non Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri) Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri) Mwen pa bezwen yon kouto de bò (M ap rete ak tèt mwen, cheri) Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri) M ta pito ret soufri pou m kenbe respè'm Si m te konnen, m pa t'ap janm ba'w GPS kè'm, ou o o o M tap ba'w yon move adrès lè sa w tap pèdi Wout bonè'm, ou te vle met pikan detrès Ou jwe ou pa ganye, je w pa kale Pou wè modèl moun sa ou genyen, ou vle kite'l ale Ou jwe ou pa ganye, monchè ou pa kare Ou tap gen tan di'm sa Se wè'w tap wè do m ap pase, we e ee Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri) Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri) Mwen pa bezwen yon kouto de bò (M ap rete ak tèt mwen, cheri) Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri) Nou konn kiyès ki la? Be Be Bedjine Pase'm ret ap swiv ou M pito swiv lonbraj mwen Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs M ap ret viv nan kaj mwen Nivo m renmen tèt mwen depase simbi Rezon lavi, pral fè w wè Siksè'm nan chak ekriti Pase'm ret ap swiv ou M pito swiv lonbraj mwen Si lanmou fè'm toun on bèt fewòs M ap ret viv nan kaj mwen Nivo m renmen tèt mwen depase simbi Rezon lavi, pral fè w wè Siksè'm nan chak ekriti Si w pa renmen'm (m ap rete ak tèt mwen, cheri) Non non, si w pa bezwen'm (m ap ret ak tèt mwen, cheri) Mwen pa bezwen yon kouto de bò (M ap rete ak tèt mwen, cheri) Cheri ou ou (m ap rete ak tèt mwen, cheri)