De pye nou pran nan’oun grenn soulye Si n’bouje, n’tonbe N’atè déjà, n’pa ka tonbe Rale pou’n rale Rale pou’n ale ki kote? Rèv la’p kontinye Kounya’a li lè pou’n reveye Gad kote nou ye Ala remò o wayo! 2 fwa Ala remò, ala remò, ala remò Lari a pa poubèl, pa jeté fatra ladan’l Peyi a pa poubèl, pa jeté fatra ladan’l Fréro fè yon kriz malkadi Li te près minwi Zenglendo, fal, otominwi Se sèl mèt lari Rele zanmi pou helody Pyès moun pap sòti Rive bò zòn dezè edmi Men frero mouri Mwatye vi’n pase nan blokus Nan rete tann bus Lekòl ak la sante gratis Tout bagay prive Peye chè san’w pa jwen sévis Vòl òganize Vil la gonfle, l’prèt pou pete Desantralize Ala remò!