Pouki yo pa pran n pou anyen? Kou l pa bon, yo di se Ayisyen Se pa vre mwen kwè Yo vle yon bagay nou genyen Pouki se yo k ap dirije n? Pouki y ap mache sou diyite n? Louvri je n gade Li lè li tan pou n frape pye n Chodyè prete pa bouyi pwa sèch Men san gaz alumèt pa lumen bobèch An n ale n’ap fè l ak sa n ganyen Pou pitit nou ka fyè de nou demen Pou nou leve nen lanasyon Se nou menm ki pou pran desizyon An nou montre yo ke ayisien se Bon bagay Bon bagay, Ayisyen nou se bon bagay