Dra Pou’m ka kouvri’w m’ ap tounen dra Si’w vle’m vlope’w pran’m pou yon dra Pou di se lanmou’k fè mwen sa? M’anvi’w swe pou’m seche’w M’anvi’w frèt pou’m chofe’w M’anvi fè chyen nan pye’w Mesye sa’k ta di sa? Lè’w jwenn yon fanm konsa W’anvi pran nan mera Lanmou’m pran nan dra!!! Dra Rele’m sizo si jamè’oun dra Ta vinn pran plas mwen sou po sa’a Swete sa pa janm rive la Syèl la krache dife Lanmè frape move Tonnè kraze brize Mesye sa’k ta di sa? Lè’w jwenn yon fanm konsa W’anvi pran nan mera Lanmou’m pran nan dra