Lè m’bay koudeta, m’pran pouvwa’m, nèg fò’w wè sa Rakèt, lajan, tout sa m’vle Ak fanmi’m m’al jwi lavi’m laba Ki mele’m si ayïti fini M’pa panse peyï Mon jeneral Kraze dada’m Ale ale Si w’santi w’anvi vòlè, pa rete Vòlè lajan leta, pa rete Fò’w pa pè travay si’w vle manje Lajan leta pa lajan’w li ye tande S’oun pòs serieu, pòs ki byen peye Domaj zanmi kifè domaje Pa met lavi lòt moun andanje S’oun sévis ou rann lasosyete tande Konesans ou pou sévi peyi’w Konpetans ou pou util peyi’w Lè konpetan di yo pa mele Enkonpetan se sèl kòk chante tande Ale Si’w santi ke w’anvi enève W’enève pou lapli k’ap tonbe Se lapli’k pou fè jaden’w pouse Fò’w pa mòde dwèt k’ap ba’w manje Ale