Gen lè tout jan m’vire Washington pi rèd nan fifty one mwen Bill mwen sou dole, tout voum mwen sou do’l moun sa yo nan dengwann mwen Kay manman yle m’prale Mwen bezwen’oun moun pou’m pale Ki kote ou ye roger? Tanpri, pran men’m mennen’m ale Kay manman yle S’oun lina pou ti Paris, yon jeanne pou brassens, alice pou mwen Tout vi’l se rann sévis, tonèl li la pou tout sa’k gan bezwen Lò m’rive anba tonèl m’ap jwenn yon moun pou’m pale Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa) Lè m’rive anba tonèl la m’a jwen yon moun pou’m pale Lè’m rive anba tonèl la m ‘a santi mwen soulaje Kay manman yle Yon ti van fre, lanmè a tou pre, mwen bliye tout devenn mwen Bal kennedy, diri Miami, pépé k’ap bare wout mwen Lò m’rive anba tonèl m’ap jwenn yon moun pou’m pale Lò’m rive anba tonèl m’a santi mwen soulaje Roger mennen’m anba tonèl la (2 fwa) Lè m’rive anba tonèl la manman yle va chante Lè’m rive anba tonèl la m ‘a tande’l k’ap fredone Se sèl kote touman’m, tout lapenn mwen nwaye M a rele roger, tanpri, pran men’m mennen’m ale