Gen’oun son m’pa tande Tout bagay tèt anba Gen’oun nòt ki chape Ou di mwens ki pa la M’ap jwe sou’oun akò ki dyez pou sòl, pou la l’bemolize Lavi se sa, ou wè’l yon jan nan chak pozisyon ou kanpe Pa prese F’oun paze! Repoze! Chwazi byen sa’w vle ye Ki kote w vle ale Poze pyon pou’w rive Anyen m’pa tende N’ap rejwe mizik la Mesye n’pap rete Fò’n jwen sa’n manke a Vingt fois, cent fois sur le métier, n’ap finn pa jwen sa n’ap chèche Tankou’oun ti landeng fò’n fouye jouk nou rive kote’n pwale Pa prese Sou chimen pa kanpe pou rèv ou pa vante Sonje sa’w vle, poze pyon pou’w rive Sonje sa’w vle, demen w’a va rive