Chaje kamera tout kote Nan telefòn, nan tout kwen lari a Pa gen anyen k’ap ret kache Fò’w grenpe mòn pou’w jwenn paradi a Genyen pa anpeche manke De men de pye n’antre nan lavi a Panyen plen bay sa’k vid chaje De men de pye n’ap kite lavi a Men sa’k konnen yo bèbè Sa ki mouton yo fè bè Men nou nan tou sa? Sa’k konnen? Bay nouvèl la gaye’l nan lari a Bay nouvèl al gaye’l’l nan bidonvil la Bay nouvèl la gaye’l nan riyèl la Bay nouvèl la gaye’l sou entènèt la Sa’k konnen yo bèbè Sa ki mouton yo fe bè Men nou nan tou sa? Sa’k konnen? Pale yo mechan yo, pale yo (2 fwa) Maladi pran tout’ nan lavi pa gen bout' Fòk nou regle sa W pway konnen!!!