Ret tande Yon ti labriz k’ap fè lanmè depale Kokotye, sabliye tout plant yo panche Fèy yo pran fremi tout san’m tresayi Lalin klè Zetwal yo te temwen, yo tou t’ap gade Tartane, yon ti kote matinik kache Pou simen lanmou bay sa’k gen bezwen Tout kò’m pran frisonnen Cheri pwoche’m pi pre, w’pa bezwen pale Lanati ap di tout sa’n bezwen tande Tout fòs yo sanble lanmou ap pale Ret tande S’oun briz ki sot lafrik, ginen yo rive Pa gen bato, fwa sa’a yo pa anchene Yo vinn kase chenn zanfan ki mare J’ ai le corps qui frissonne Cheri rapproche toi. Pas la peine de parler La nature, tout est là pour nous inspirer L’amour est la pour qui veut l’écouter Ret tande