An’n fè’oun ti panche sou: Les quatre éléments Yo te la anvan tout’ sa’k kwè yo pi gran Ou voye dlo sou nou, lè nou pran dife Jou’n tounen pousyè, w’a wè jan van leve Al mande lavi sa ki pi enpòtan Avan w’al twoke’l pou’w ka tounen granpanpan An nou pa boukante lavi’n pou lajan La vie n’a pas de prix: mache sou pye a’w! Se dlo mwen ye mwen pa pè dife Mwen se lawouze, m'fè jaden pouse Pinga bare chimen mwen trase M'ka debòde, m'ka menm inonde Si anwo'm seche, anba'm byen mouye Konn sa w'ap pile pou'w pa tonbe nan traka Youn pa dwe fè lòt tonbe nan traka. Sa'k di m'se van, m'pot nouvèl pou yo Yo di an avan m'fè flote drapo Tout sa'k vole, m'pote yo sou do Yon soufle, m’marye polèn yo Deyò m'se tè, andan m'se dife Konn jan w'ap fouye pou'w pa tonbe traka Youn pa dwe fè lòt tonbe nan traka