Ye swa m’pa dòmi M’tande’oun bal pati Malveyan yo pran lari Yon rafal, yon kri Gen yon fanm ki di Pitit fi’m nan mezanmi Malfini fin anvayi nou Ekzòd la kole nan deng nou Pa bon depòte, bon yo ale Al’oun bèl tifi Pot tout sa ki ni Pou yo pa fè zak sou li Yo pa tann minwi Li mèt gwo midi Peguy-ville, menm sou gran-ri Pitit fi’m nan pa nan zen nou Men kòf lajan, men bwat bijou Pran sa’n vle men pinga’n manyen li Yè swa m’pa dòmi M’viv yon trajedi Yon man man ak pitit li Peyi’m nan kouvri Ak labou sou li Fòk gen’oun dlo’k pou lave li Dòmi ak zam anba tèt ou Lavi’a san lè pèdi gou Tout sa’n vle men tanpri ba’l lavi