Drapo m nan se koulè san and ki te koule pou libète
Koulè po m yo pat vle wè kòmkwa mwen te yon moun dane

Drapo m nan se pat fasil si w wè jodiya l egziste
Se gran paran and ki te kanpe fasalepòk pi gwo lame
Drapo m nan reprezante chanjman listwa limanite
S on bagay dròl ou ka wè l senp poutan lèkstrèman konplike

Drapo m nan se li raple Lamerik ak le mond antye
Ayisyen yo pat aksepte pou moun esklav okenn kote
Drapo m nan soti de pi bèl istwa ki janm egziste
Istwa zansèt nou yo k te sakrifye yo pou and ka libere
Se pa yon fab, se p on roman non plis, se pa yon kont de fè
Se premye fwa sa te rive se mond lan ki ta pral chanje

Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen

Drapo a pap ka konprann ke jodiya nou divize
Deviz nou l union fait la force, men malgre sa and gen prejije
Plizyè tribi ini fòs yo pou libere tout yon ras
Poutan, nou menm kòm desandan, nou separe tèt nou an klas
Drapo sa ta dwe chanje si se eta sa and ap rete
Li pa gen sans pou nou ankò tèlman nou wè ke and pa sanble

Drapo m nan, li lè li tan pou reprann plas ou te genyen
Menm jan l te ye nan tan lontan, pou Dahome ak nèg Ginen
Drapo m nan tankou solèy yo panse k pa tap janm briye
Li raple ke mond jodiya se Vertières li te kòmanse
Drapo m nan, pa enkyete w, menm si w ta we dèfwa w blaze
Yon jou kanmenm fòk yo kanpe pou ba w valè ke w merite

Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Vrè koulè l pap chanje
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen
Li kole anba po mwen

Yon jou gen pou rive y ap sispann pase ou anba pye
Wa va jwenn respè w merite
Y ap wè w tankou vrè senbòl libète

Drapo m se tankou cheve mwen
Mèt ba l koulè mwen vle vrè koulè l pap chanje
Pap chanje (koulè l pap chanje)
Ble e rouj la, se fyète mwen
Mèt fè sa w vle l ap rete kole anba po mwen

Li kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Li kole anba po mwen
Fyète mwen
Li kole anba po mwen
Li anba po mwen
Li kole anba po mwen
Drapo m se fyète m
Li kole anba po mwen
E m fyè ke m se ayisyen
Li kole anba po mwen
Ayisyanite m anba po m
Li kole anba po mwen
    Página 1 / 1

    Letras y título
    Acordes y artista

    restablecer los ajustes
    OK