Dèfwa menm si nan lavi ou tout wout bare fò’w pa kanpe Chak moun g’on jou pou woch lavi’l woule fò’w kwè nan destine Pakoute moun kap di'w pa janm anyen paskew se malere Gen anpil moun ki pa janm kwè nan sa ki rele destine Soley Bondye klere pou tout moun, o! Fò'w pa lage Menm si devanw tout wout bare, o! Pèsevere Pa kite moun trete’w de inferye paskew pa g’on dola Respèw ak diyitew pi siperye pase milyon dola Pa bliye lafwaw se zam pou goumen ak lavia Pa pèdi sanfwaw menm lè pwòp fanmiw vle change sa Woyo yo yo, woyo yo yo Woyo yo yo, woyo yo yo Dèfwa ou konn leve nan kay la nan pyew timoun ap kriye Pou ou sa wap pase son tray la menw pa gen lot pòt pou frappe Ou anvi kouri, menw pa gen destination Ou anvi vag lavi, men w gen twòp okipasyon Dèfwa ou oblige reziyew ak sa lavi a pote Menm si tout moun ap imilye'w pa bliye pran kwaw pote Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la Woyo yo yo, woyo yo yo Woyo yo yo, woyo yo yo Pran kouraj vye frè solèy gen poul leve Pa dekouraje aprann pèsevere Pran tout fòs ou Padi li two ta pou ou Fòk ou pa lage Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la Fò'w pa kriye la, fò'w pa lage sa Depi wap viv fo'w gen lespwa saka change la