Alelouya Amen (Aaaamen) An an Se pa mwen k renmen Bondye Se Bondye ki renmen m Mwen pa gen pwoblèm ak asanble Men Legliz la se mwen menm Si papa m se Wa, pou ki w appreche m 'la pauvrete' Nan yon espas beni pa ta dwe gen plas pou pòv rete M pa Pastè, m pa Predikatè, m pa Pè, m pa Djak M pa Misyonè, m pa yon sèvitè m pa yon pip tabak M reyalize nan kèk kout 'béni soit l'Éternel' Gen kretyen k pa renmen Bondye Yo jis ta renmen al nan syèl Jida fè byen pou Kretyen Kretyen pa konprann Jida Yo pale l mal men, Frèzesè, ki lè n ap kite jouda Labib mande pou nou renmen Menm sa k rayi nou tout tan Sou ki baz biblik nou rayi Satan Nou aprann Kretyen pou yo pè richès Nou aprann yo pou yo pè lajan Nou aprann yo viv ak minimòm manje, dlo glase sèlman Si yon semèn w al nan jèn 5 jou sè ke w priye twòp Kretyen w bezwen travay pou w fè lajan Depi se lajan pwòp Paske pou achete yon Bib ou bezwen lajan Yon 'chants d'espérance' ou bezwen lajan Pou bay Ladim nan asanble a ou bezwen lajan (Alelouya) Pou vizitze Jerizalèm ou bezwen lajan Si w di m richès ap anpeche w sèvi Bondye Nòmalman M ap di w Bondye pat gen pwoblèm ak richès Wa Salomon Li pa yon pwoblèm pou yon kretyen posede anpil lajan Pwoblèm lan se si se lajan k posede w Alelouya, alelou Alelouya, alelou Alelouya, alelou A aaa amen Alelouya, alelou (Alelouya) Alelouya, alelou (Alelouya) Alelouya, alelou (Alelouya) (Amen amen) A aaa amen Yon Bondye k pa marye ki fè Jezi ki pa marye nonplis E ki ba nou yon Pè ki pa marye pou marye nou anplis, biza Menm jan ak yon Pastè k ap ankouraje nou marye Men si n pa gen lajan nou pap ka marye ak pitit li Kretyen, pandan w ap ouvè je Payen fòk ou kale je w Konbyen fwa w te gen azoumounou pastè a te vin lave je w Sispann jije fidèl sou prezans yo nan asanble a Lè pa gen sèvis ou ka sezi wè sa yo sanble a Mwen tèlman renmen Bondye Mwen pa ka renmen 'la religion' 'La religion' anpeche m sèvi Bondye Kidonk mwen depoze 'la religion' atè Men jan ak kèk pwofèt Tizon Dife gen yon misyon sou latè Se sa k fè m vin ouvè je w sou kèk Pastè, kèk ministè K ap mande w pou ret pòv pandan yo posede tout bagay Di w byen materyèl pa nesesè men yo posede plizyè kay Yo mande w Ladim chak mwa, plizyè Lakòlèt nan yon sèl sèvis Anvlòp pou konstwi tanp la men yo pap janm ede chache travay Si Juskaprezan chak jou w ap priye pou yon plat manje Ou g'on pwoblèm 'bien-aimés', degaje w rezoud li ak Bondye Bondye kreye latè ak tout richès li pou n ka banbile Si w pa ka manje, gen lè se ou k pitit Djab gen lè w deja boule Nou vle fè m pè Bondye oh wi m pral nan Lanfè Kretyen pi pè Pastè pase Bondye ala zafè! Nou ipokrit menm antrenou nan asanble a M pa ta sezi si n ap pale mal Tizon Dife a M ap viv yo vi mwen renmen yon vi Bondye apwouve N ap viv yon vi nou pa renmen nou vle se Bondye ki pou chanje l' Bondye ba w lavi, li baw sante ki sa l te dwe w ankò? Chita tann tann Bondye Lè w mouri, w a viv ankò Kè m ranpli ak Bondye M pa gen plas nan kè m pou m rayi lèzòm M tèlman gen Bondye bò kote m Lè m gad nan glas m wè plis pase mil 'hommes' Manman, w a padone m si m pa chita nan yon asanble Misyon pa m se sou teren se ' brebis égarées' yo m'ap rasanble ApreDye, se ou k ban m lavi men se Bondye ki deside E L deside m se yon powèt ak yon pwezi k pap desoude Ou tande Si Bondye fyè de mwen Pou ki Legliz boude Dayè, aprè 'Gospel' BIC se yonn nan atis yo ka tande Alelouya, alelou (Alelouya) Alelouya, alelou (Alelouuuu) Alelouya, alelou A aaa amen Alelouya, alelou (amen, amen) Alelouya, alelou (amen, amen) Alelouya, alelou (amen, alelouya) A aaa amen Si deyò w bèl, pwòp epi anndan w sal Ou gen pwoblèm Paske ou se egzateman definisyon Matye 23 vèsè 27 (amen) Alelouya, alelou Alelouya, alelou Alelouya, alelou A aaa amen Alelouya, alelou Alelouya, alelou Alelouya, alelou A aaa amen Si w nan yon asanble pou 'la forme' Se kòve w ap fè W ap pèdi plezi ki nan mond sa W ap pèdi lavi ki nan lòt vi a Kidonk w ap pèdi de a zewo Avan match lavi a fini Deside w, 'bien-aimés'