Ou kenbe men m, mwen kenbe kò m Jodia m'ka ekri lanmou Mèsi ti cheri doudou Depi m kontre w m'pa janm poukò m Jodia m'son fanm ki damou Mèsi ti cheri doudou Paran w dakò, paran m dakò, mariaj mete nou nan lavi Mèsi ti cheri doudou Devwa m au propre sa vle di m'ap rete avèk ou pou lavi Mèsi ti cheri doudou Pou m pa tonbe ou mete m chita sou kè w an kalifouchon Mèsi ti cheri doudou Ou s'on modèl nan yon mond kote lanmou kale pichon Mèsi ti cheri doudou Ou tèlman byen pote m sou do w m'paka di m'pile pwason Mèsi ti cheri doudou Mwen avè w nou simen lanmou kounya nap tann la moisson Mèsi ti cheri doudou Ou ou o o Ou ou o o Ou ou o o Mèsi ti cheri doudou Ou ou o o Ou ou o o Ou ou o o Mèsi ti cheri Lè m te piti m'tap chèche lanmou ki nan liv Harlequin Mèsi ti cheri doudou M'te panse ke moun New York te konn renmen ke moun Aquin Mèsi ti cheri doudou Kounya m vinn konprann ke de mèg pa fri se pawòl mesquin Gen milyon dola ki gen mwens valè ke yon adoken Gen lanmou anba tant ki pi wo ke lanmou gratte-ciel Gen lanmou pwa 50 ki pi lejè ke 50 sak sèl Gen lanmou ki gen gwo gòj men k'ap mouri mò toufe Gen vòlkan ki ka glase devan yon senp Tizon Dife Gen lanmou salon, gen lanmou chanm Lanmou chanm-chanm Gen lanmou chik, gen lanmou chòk Lanmou chik-chòk Gen lanmou trip, gen lanmou fòk Gen lanmou solid, gen lanmou pòk Men lanmou ke ou fè m viv la se lanmou gwo liv la Ou ou o o Ou ou o o Ou ou o o (Mèsi ti cheri doudou) Ou ou o o Ou ou o o Ou ou o o (Mèsi ti cheri) Mèsi pou jadin kè m ou wouze Mèsi paske m pa gen kè brize Lamou fè m dekole kou yon fil ze Mèsi, mèsi, mèsi Tizon Dife Mèsi ti cheri doudou Rutshelle en veux Mèsi ti cheri doudou Mèsi ti cheri Tizon Dife Records