Anna Konsa w vle dejwe mwen Anna Ou soti pou w gate Anna Non pa jwe ak kè mwen Anna Sou Instagram nou te kòmanse pale Ou te mande m nimewo pou n echanje Nèt la pat bon nan sms nou chate Sa pat pran tan byen rapid nou atache Feeling gentan monte Je m fèmen m ape tande vwa w m santi m prale Feeling gentan monte San fè efò sou vag lanmou w tap navige Ou di m ou renmen m Ou renmen wè men m k ap kenbe men w Lè w renmen w avèg Men tout sa te may pou w te fè l avè m Anna Konsa w vle dejwe mwen Anna Ou soti pou w gate Anna Non pa jwe ak kè mwen Anna Nan on ti mini skirt Anna sanble on bonbon M santi m ta manje men li kanpe dandan Chak fwa mwen gade l tèt mwen vire won won E manzè panike m li ban mwen frison A distans li kanpe l ap bon m tiz Leve menm anlè kou lapolis fi fè m friz Li fè m konnen si l ta ban m goute m pa ka pa please Cause she a badgyal ki make on bad man sing Li sèlman sou fè lanmou Men l pa gen foli damou Li sèlman sou ban m de kou Pandan mwen menm m gentan fou woy Anna Konsa w vle dejwe mwen Anna Ou soti pou w gate Anna Non pa jwe ak kè mwen Anna Ou di m ou renmen m Ou renmen wè men m k ap kenbe men w Lè w renmen w avèg Men tout sa te may pou w te fè l avè m Petèt si pat gen kama m te ba w leta Kounya gad eta m Jan m te kwè nan ou poutan w ta pral brize kè m Se ra seta m chanje sa M konnen w gen pou w wè orevwa M te ba w leta Kounya gad eta m Jan m te kwè nan ou poutan w ta pral brize kè m Se ra seta m chanje sa M konnen w gen pou w wè orevwa Anna Konsa w vle dejwe mwen Anna Ou soti pou w gate Anna Non pa jwe ak kè mwen Anna