Youn sibi, soufri pou lòt la ekri Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib Pou youn ka konstui lòt la blije detui Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-FI Rhod viv bon moman yo, D-Fi rape move moman yo Rhod te pote lespwa, D-Fi touye rèv manman l yo Rhod fè betiz, ke D-Fi paka repare D-Fi ap mennen on vi, e pou li Rhod pa t prepare Rhod timid, men D-Fi se on liv ouvè E lè Rhod viktim, se D-Fi k pare pou gè D-Fi kenbe souri l, pandan Rhod an kriz chak swa D-Fi vle pran kè on piblik, Rhod pa vle pèdi lanmou Pasa Men sa k grav Pandan y ap rayi Rhod, D-Fi ap rekòlte J'aime sou Facebook ak Instagram Se fason moun yo wè ak chanje men Rhod pa chanje Kouman pou m fè ou konprann pou gran sè Rhod, D-Fi se on etranje Se pa menm akèy la depi lè y ap pase m nan tele D-Fi fè gòl ke Rhod pa ka selebre Rhod gen lari a pou refijye l, D-FI gen sèn Men yo gen on pwen komen, tou 2 sensè Youn sibi, soufri pou lòt la ekri Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib Pou youn te ka konstui l lòt la blije detui Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-Fi Pèdi nan kontradiksyon l Pandan D-Fi t ap fè mizik pou sove vi ou, Rhod t ap batay kont adiksyon l Pran D-Fi pou modèl Men ou pa konn konbyen fwa Rhod panse a met fen nan sa nan anndan on chanm otèl Rhod angwase, D-Fi met tafya nan tèt li pou l ka cool D-Fi fè lanmou ak fanm Rhod pa damou D-Fi jwenn paradi l sou sèn pandan Rhod t ap afwonte demon l D-Fi pran fil, zanmi Rhod pran kòd long Ennmi D-Fi yo se ansyen frè Rhod Pou antre nan sèk yo, fòk D-Fi ta pase sou fyèl Rhod Ou k ap koute konprann, pou jwenn ekilib s on gwo batay Se sakrifis tout sa gen on pri nan vi a ou paka gen tout bagay Plis youn ap pran plas se plis lòt la ap efase Pou Rhod kontinye viv, D-Fi oblije trepase Se on chwa, èske m gen rezon? Listwa sèl k ap di Rhod renèt R.I. p D-Fi Youn sibi, soufri pou lòt la ekri Youn te blije anprizonen tèt li pou lòt la ret lib Pou youn ka konstui lòt la blije detui Pou Rhod te ka siviv, l oblije touye D-FI