Chak fwa vag la vle pote m ale, m back nan sous la M pa janm pran tèt mwen pou star jis paske m tap woule sou sky Menm pi fon nan mizè a m pa t janm vann valè m M te toujou ret fidèl ak konviksyon m toujou rape ak kè m Pa panse pou jije m, li sifi w kèk mòso Tèt mwen pa t janm pran van, m konnen byen tout tan ou pi wo ou pran pi gwo so M ret chèf plim mwen, menm douvan mòpyon Fuck kouwòn, menm sa kap diw li Wa pou endistri a son pyon Mwen m hip hop depi epòk sakap fèt bagay dwòl Sak te pran karyè m pou blag, premye sèn mwen te Kasayòl Si w vle glwa a, pran l, dayè se pa pou sa m t ap rap Mwen m wè karyè ki pi long k on foto Snapchat Pa vin pale m de siksè, telechajman yo pa plen bòl mwen San kontra, san sponsor, m anonse albòm mwen Medya pa t janm ansanse m E si karyè m ret an vi jiskaprezan se gras ak Filip Mon Sensei Anyen pa chanje, e chak fwa yo di D-Fi saw regle? M ap chanje kouchèt, men se toujou menm kaka yo Douzan depi m ap rape lari, depi m ap rape lavi m Mwen tou m konn anvi gen bèl tenis, anvi woule machin Men m ret kwè gen bagay ki pi enpòtan Anplis nan sèkèy la yo p ap si vès mwen an son Yvess Saint-Laurent M vle reponn lè yo mande m a kisa w itil pandan n ap peri M blije fè chwa ant kite peyi m mache e mache pou peyi m Vwa m gen doulè tout on geto Yo di m m ap mouri pòv mwen m di yo m ap mouri diy, m pa regrèt yo M fè pati atis yo bay pote non fou yo Mizik mwen pa soutni sa k ap woule machin men sa machin woule sou yo Depi w kanpe kont enjistis ou kanpe kote m Tan pou m la byen lèd, mpito mouri an bote Majinal, paske m chwazi viv lib San label, san pwomotè, e si m te rive fè on konsè se paske m gen on piblik