Nan yon afwontman lapolis ak bandi ki te fèt ayè swa Kastwo Zòn 'Maïs Gâté' Lapolis rive met lapat sou yon bandi ke yo konnen sou non Bal Mawon aprè ke li te tire yon polisye Daprè enfòmasyon pòtpawòl lapoli la bay Nan mikro kèk jounalis Gen lontan yo t ap chache endivi, endividi sa ki ta gen men l tranpe nan Yon seri zak malònèt tankou kidnaping, asasina, kadejak ak plizyè lòt krim An nou koute ki jan sa te pase Nan mikro kolaboratè n Kou jibye, chasè gen jou pa l M pa t di m pa koupab Men m vin konte w yon pati nan istwa m w p ap jwenn nan paj jounal Dabò, se nan mizè vis konnen Asfat la t ap poze sou do m pandan manmanm te g on kwi l t ap mande adoken Livre a nou menm Si solèy la t ap klere chimen w Mwen, l t ap boule do m Pou w siviv, ap goumen chak jou menm Nan kwen lari a, m f on ti pil kou fatra k bon pou bale Pitit malerèz, vandal yo touye yo bay kò fè fimye Nou dòmi nan lapli chak nwit modi lè zetwal file Timoun se lavi, se de nou menm Steeve Brunache t ap pale M te gen rèv pou m al lekòl tou Desann ChannMas ak papa m al bwè krèm, m te vle kale kò m tou Men inivèsite lari a, montre m volè Li pa ban m diplòm Di Kèb mwen tou, m pa wè lavi nan koridò siklòn M grandi fistre, kè m gonfle ak èn M bouke chaje machin m sèmante yon jou m ap posede yon Cayenne Frè m, ban m di w yon bagay Kote w ye a la se pa dan kap griyen M espere ke w ap pran tout dispozisyon Pou, pou reponn kesyon n pral genyen pou poze w la a, frè m Ban m yon ti eksplikasyon non de zak w ap regle yo E zam ki nan men w lan di m kibò ou jwenn li Laj ap monte menm jan ak anbisyon yo M pa James Bond men m genyen vi m Nan akonpli misyon yo Premye a se te kraze yon biwo elektoral Pou yon depite Li k te ban m premye zam mwen Vant vid pa konn sa yo rele moral Nan je, m ap gad tout sa k pa t konn ban m enpòtans M ap chache pouvwa M brake pou nenpòt rans M kreye pwòp djòb mwen: Kidnaping, kadejak, plizyè lòt krim Lòd yo sot anwo nèg, lis la anpil Anndan m mele èn, raj M rann kont, m s on bandi legal lè m wè Toris (zam: Taurus) mwen an make PNH Se yo k kreye mons yo e se yo k ap pyeje l Mwen ak ou pa plis kon pyon Kale je w Ou panse se mwen k anpeche peyi m mache Kiyès ki jwenn avantaj nan ensekirite? Kiyès ki jwenn avantaj nan boule mache? Sousi m pa ba wa Ni minote m kou lè y ap mare chwal Men ipokrizi k nan je bouwo a Chat k ap jije chat k ap mare chat Ou tèlman santi w alèz Kounyè a nou pran peyi a pou n fè sa n vle ladan l Nou deside kiyès dwe viv Kiyès ki dwe mouri, pa vre!? Enben, frè m! Se zak ou ki mete w la jounen jodi a kote w ye la W a degaje w! Se mwen k bwè nan lari se mwen k sou Si vòlè yon pen se kriminèl e vòlè yon peyi? M ap tann repons ou Achane n sou ka m nan Men mande Marthelly, Lamothe si se mwen k te vòlè kòb PetroCaribe a Si se mwen k te kase CAM nan Se nan palman w ap jwenn vrè chimè Sa w te atann nan yon peyi kote se Koripsyon ki lidè Ey, frè m! Ban m di w Ki pwoblèm ou gen ak yon jenn gason Nan yon peyi tankou Ayiti ki deside sakrifye vi l pou l sèvi e pwoteje? Sèvi kiyès!? Proteje kiyès!? S'on nèg ak yon zam legal k ap arete m paske m pa gen pyès Bat mwen ak wòch Si n ap travay tout bon Pouki n poko jwenn asasen Jean Dominique ak Jacques Roche? Kiyès k ap ban m jistis Pou tout sa m sibi? An vrè, m s'on grenn bal sistèm nan tire Men k pot ko jwenn sib li