A une loi injuste, nul n'est tenu d'obéir Ce qui veut dire que j'ai le droit, et même le devoir, de résister Par la violence ou la désobéissance civile Yeah M bouke wè patnè m sou pil fatra ak bal nan tèt M bouke wè prennsès yo sou twotwa pou manje k ap pran dwèt Reyalite a fann kè m Sou baz edikasyon m bouke wè FIC k ap sodomize anfann kè M bouke wè machandiz manman m kwabosal k ap boule Kale je w vrè vòlè yo nan on machin ofisyèl yo pa kagoule Yo te gentan asasine jistis avan Jan Dominik Etidyan ap pran bal yo reli sa divèsyon politik A dizan w banm zam a ventan kouman pou m pa kriminèl Anba gouyad Antoni Dimon m bouke tande kri minè M pa rebèl m vle sispann viktim M grandi nan on peyi kot al lekòl tounen krim M ekri Raj mwen se pa ke m rape twòp bagay nèg Men sè ke m viv twòp pou laj mwen E si m pa pale vin di m kiyès k ap defann dwa n Geto yo nan gè plen zam kiyès ki responsab dwàn Talè Poko Lopital an grèv fakilte fèmen epi sijè nèg yo nan deba se krèk koko Ha han Yeah Ayiti pa m nan diferan Ayiti pa m nan plis sanble a pa MRJ a ke Mikaben nan Simen èn se gè w ap rekòlte Enjistis donnen vyolans se pou sa m Revòlte E paske yo te di m, moun k ap batay pa mouri Jenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim M bouke ankese Li lè pou m remèt m p ap gen on metriz ekonomi nan men m pou m al fini kesye Opsyon siviv jèn ayisyen se egzil Sa fè lapèn on lisansye nan peyi l al gadò bèf brezil Boujwa achte bouch medya ak leta fè youn Pandan mas pèp la ap pouri nan mizè l, si w pa revòlte w pa moun Lè pòv pa jwenn anyen pou l manje ankò l ap manje rich P ap anpeche palmantè vòlè, men se pa sou tèt mwen l ap fè nich Se Gran Paran k grandi m, m pa ka on tchoul M se stil rapè lè l p ap boule bit k ap boule kawotchou Wè m anraje Fòk Djivens te pase konsa pou wè vrèman kiyès ki anpeche peyi m mache Timoun ap mouri pou sewòm oral Pandan Senatè gen milyon pou manje pwason apre Senatis ap pale m de moral RapTouf m santi m endinye Rap mwen ap pwone revòlt sispann reziye n Pi gwo pèn peyi m se pa 12 janvye ak kèk siklòn Men se paske kòm prezidan n te konn Ti Simòn Gen sa k chwazi kouri gen lòt ki pran konsyans Mwen w ap jwenn mwen sou beton an nan mitan Andy ak Schill Wete chapo m koube m byen ba devan rezistans Mouri nan batay La nèg m pa pral chili D-Fi frè m kenbe rèd pa moli (35 Zile) Moun k ap batay pa mouri Jenerasyon Envensib e gè l ye Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Moun k ap batay pa mouri Bal Ou Rim Priez pour que je choisisse celle ci