M trase pwòp chimen m, m pa t jwenn oken plan wout Se la reyalite a ratrape m, se la rèv mwen bout Prizonye anndan on senfoni kouman pou m viv lib Maten m Rhod aswè m D-Fi m mal pou jwenn ekilib Si m fè bilan Sa m pèdi gen plis valè ke sa m genyen yon milye vè pa rive ranpli vid lan Sonje m te di w m p ap pase tout lavi m ap rape Nan rape lavi m m gen enpresyon se tout lavi m m rate Se pa t janm pou glwa ou ranpli pòch mwen Pi gwo krent mwen se wè m vin etranje pou pwòch mwen Kite m al viv pou yo, yo k te blese lè m t pran kou yo M pa ka di yo m pile teta yo t ap pote m sou kou yo M komansè pè, eroyin mwen ap febli Pandan m ap rape sa pèn mwen se wè figi Estè k ap fè pli Sa m dwe fè pa ban m tan pou fè sa m anvi Pou pi espere distans lan rapwoche n ou ret dezyèm fanm nan vi m Ket, m toujou respekte w ras Vi m s on bòdèl tou, m tap chèch on lòt figi pou m pa gad tèt mwen nan glas Yo pa touche fanmi an, li sakre a la Corleone Pasa, You'll Never Walk Alone M chwazi ant sa k ap ban m like e sa k vrèman renmen m M anvi ba yo tout sa m genyen men yo se tout sa m genyen Kisa k ap rete m? Kidonk tankou Lino m pran sa lavi a ban m m remèt sa lejand lan prete m M te fè lè m m te viv li ak pasyon Brize, m kit on moso nan mwen menm nan chak son Lanmou k te pran bal nan kwen m nan m al jwenn li nan yon piblik Avan mizik te mwayen evazyon m kounye a m gen Evazyon Mizik Ant pi bèl melodi a m chanje agoni m M pa yon nouvo popilè m se yon ansyen anonim M pa bezwen konn sa listwa ap kenbe sou zèv mwen Mizik sove vi m, Filip sove rèv mwen Ak laj mwen, panse m rape pi kalm Rim yo sanse fè bri k on fizi Fall Mas tonbe reyalite ranpe l sou figi pa l La verite se chimen Bondye li wete tout vwa l An verite nou gen bon je sa vle di n global Mizik sove vi n, je lespri n kill mantal pou n pa twouve n nan falèz inyorans Chak rim s on mòso la konesans ak bon sans n aprann konnen sans konesans Ki gen nan chak dans avan chak trans nan yon vi Li enposib pou w twouve bonè w nan on sèl vi M te gem labitid wonfle pou m leve bonè m nan on chak vi Nou pa vini pou n fini nan tan Pèsonn p ap ka oze foure zèv nou nan tonb Sa n akonpli depase dimansyon lògèy Konprann reyalite ki tabliw nan vi se yon 3 fèy Twouve m nan rasin 3 fèy nan zantray milokan Rele m solèy milokan, sonje w se pitit solèy Kalfou batay, bitay pou n te bay street la kèk bourad avan m tounen Ogou Leta kill manman m debou kouman w ta vle pou m pa t rebèl Pwoblem egzistansyèl p ap fè w we m nan koulè lakansyèl Ak fight la m rete reyèl, a 40 pij m stil ap spit hard pou m twouve limyè ak enèjj nan bote, bonte maji M kouche 8 pou m karese lenfini nan bote, bonte maji Anpil di m s on echwe paske m pa posede anpil