M ap pale ou de on epòk, sa k gen laj karyè m yo p ap konnen Epòk m t ap simen rèv mwen san konnen l ta pral donnen Epòk pi gran yo t ap bay hip hop bourad Nan vwa Deja Epòk nou t ap met bèl may, epòk ti monnen te ja M pouse anba Kaz ak Lord Yo k te aprann mwen kouplè ORS pale m de kandelam ak Baz Amò Hip hop frape m, nan geto a m viv tout pasyon m Pa on jou san on rim kòm si m te nan Muzion Nan lari a drop kèk faz, pa on tèks raz Met geto a an ekstaz, sa m tande y ap di m: yo you will be the Next Nas M raple m lè Kaz te pastè M raple m freestyle Bred yo MC Klòn, Wellborn, m raple m Devastè Rap te tout richès nou Fason pou n vanje n sou mizè nou Paradòks la, nou te kontan rape tristès nou Kèk vè pou n trenke Powèt depi sou ban lekòl Li nòmal pou lyrics mwen distenge m Premye sèn, premye record, depi la m konn pa m yo Sikatris yo ret avi pou raple m konba m yo Se te pou lapè, m t ap rape levanjil geto Premye vèsyon mouri nan kat memwa avèk Ti Gito R.I.P ankò, m p ap bliye janm ankourajman Gen sipò ou bay ki gen plis valè pase lajan Poutan gen sa k pi pwòch ki pa t menm kalkile m Travay te met chans bò kote m, on kouplè sifi pou lavi m baskile Fòse y admire m a chak grenn vès Si jodi a y ap peye m pou m rap Tikris sonje a on epòk se te lenvès Se te plis pase biatch, koule chanpay M raple m premye son m yo te anrejistre anndan on chanm kay Mwen m gen on pakou 2015 Paradox, 35 pase m mic M pa konn si m te nan lakou dè gran ou nan gran lakou M franchi etap, underground lan rekonèt mwen Genyen menm ki te di m se fiti rap la, m te pwomèt men Powèt Revòlte n te gen enterè lige Se lè sa m aprann sa k makònnen moun se lide Kèk zanmitay ki p ap dire, Rèv Ak Plim: First tape Mas yo tonbe a chak step Yo p ap fè ou ka kado batay pou jwenn plas ou, konba on rookie M aprann ankese pi avanse, m se pitit Rocky Sou do m pot chay men youn pa t rive kofre m Refize awards hmi, m pa t la pou twofe Fuck number one, m pa bezwen grammy pou mizik mwen Sa satisfè m tan ke m ap viv nan kè piblik mwen On lane aprè m residive, Bal Ou Rim grandi m Pozisyon m klè kòm si s on pankat manif m brandi Se ane kriz mwen tou, gen moman m pa anvi sonje Ou ap triye vrè pami fo yo, se lè ou plonje Evazyon pou refijye m, m wè èn menm sou katye m Sèl God ki ka jije m, sèl lanmò ka tiye m Karyè m pran kou, erezman Filip te la pou anpeche m met fren Kek mwa n akouche Tempus Fugit, Mond San Refren Se pa t plis pou kòb men pou renouvle sèman n Ken-FS konnen ou pa t fè reskape pou ou sèlman Sou ki ou ka konte, ou poukò w menm 100 mil fan Team Sa Mache rap ban m on zanmi fyab Soutni ou lè ou bite, lè m fèb ou ban m fòs M pa janm gen dout sou, menm apre foto ou ak Boulos Twò vrè pou game yo, pou sa m wete kò m Byenvini nan kwonik on rapè k pa respekte nòm Dezabiye fas on piblik, sa k fè mwàn yo se pa rad yo M tankou real hip hop, m pa nan tele ni nan radyo Rap se lavi m, m rape lavi m nèg Rèv yo reyalize, premye albòm KGY M pa t vin fè plis, rès yo se dèt, se degi 24 desanm 2019, ROD touye D-FI M sonje jan sa te ye, sonje jan la te ye Lè w pa mache sou lòd yo di w modi sonje jan sa rele Pa t gen pasyon aprè mizik e se te klasik Legliz m pase tout anfans mwen e se te pratik Ak yon ‘Père’ pou pastè yon ‘Mère femme au foyer’ M oblije ap viv nan imajinasyon m tout sa m pa ka ye M ap gad mond lan de lwen yo di m pa mete pye Men gade kreve anvi m pou yon fwa sa pa kreve je M pa t konprann pouki wi pouki yo te ban m pinga sa Se pa tout moun mond lan ka pouri vre m vle n konn istwa sa M pa chwazi demen m men m fèt ak on kouraj On dirait k te konn vi m t ap konn tanpèt, lapli l tap konn loraj Tout sousi m a lepòk se te parèt bon devan papa Men respè a se pa t parèt bon se te parèt gran Byen ta m vin wè se te nesesè e m te rete kwè Nenpòt erè m tap chwazi kap mwen e’m te rete prè (pou sa) Nan menm moman mond entèdi a te gen rap 2 grenn studio e chak lè Mc kwaze te gen frap Klan tap monte nan tout kwen e anpil non t ap sonnen fò Te gen real konsa gen krizokal ki te sonnen lò Hip hop antre lakay nou ti Nèg andeyò ap fè street yo Tcheke mic yo, tcheke bit, tcheke rimes tcheke style yo M-bri te rele Sisquo li fè fake thug avan drug pa m M te konn Jawes Wenlo, Pridan Slim avan RockFam Wi m te la on pye nan spiritualité on pye nan neant Se pa t bon du tout men koulyea m wè se te byenveyan Li pa t ap fasil byen rapid pou m te g on lòt profil M pa t twò bavard men nan ekri frè m te on jeyan Freestyle nan jwe baskèt fè m mete vwa sou premye track mwen Ak Zoecrane Wòklò Cmv se te premye baz mwen Kibò w lekòl, epòk yo t ap konpare m a Gray Wi m s on nouvo ne byen vit yo te renmen jan’m trete rap mwen Sa pa t ret la, e an kachèt m fè campus San mande m plis inivèsite rap la te banm bous Menm pat ka viv li, m pat ka ni fè street ni fè pwogram Poutan deja pou rap Pòdpè m te gent on do d’âne Tan ap pase si vit, fè m pa wè bay yo ap chanje Fanmi m brize aprè lanmò manman m vi m vin andanje On matant pran m a 2 bwa l paske m te sou wout pèdi a Yon vivan k ap cheche lanmò l jous paske l te pè vi a Mèsi Taty Manotte wi pou sa ou pat pèmèt mwen Aprè manman m se sèl bò kot moun m te jwen tolerans Tout sak te akonpanye m m pa kwè map fin peye dèt mwen Swiye je m pou m pa t wè demen selman non move sans Nan rap m antre tout kò m koulyea M te jwenn apèl 2zafi nou te kreye Zoemeks avan kite horizon hustle Nou t ap bif très hardcore n te anndan game nan Men sa pa t pran tan pou divizyon t antre nan band nan M te kanpe solo ak on demo m fè grande première a Yon bif a Fede epòk m t ap batay pou meyè a Nou make tan sa, an pasan respè pou ou Mc M paka pale de karyè m pou non w pa site e menm si M pa t sou bon pant lan nan lari a ak sa m tap remèt Men m pa t janm panse se te anndan selil prizon m tap al refèt 16 mwa la banm plus ke 10 an d eksperyans pou deyò a M sòti ak on sèvo m konnen ki t ap al bat rekò sa Plan d’attak te mixe se t on Classic ak kote hard cord M prezante m bay piblik la gen sa kite wè m tap bat kò m Reskape a vin idantite m, kek moun anplis vin konnen m Plus fier que jamais koulyea tout kote non m ap lonmen Si n rakonte w tout sa e pou w ka ekri pa w Dèfwa desten ka mennen w men dèfwa tou fò w ekri pa w Jan ou vle’l la, e tout sa’m genyen pou nou kòm souhait Si w gad atè ou kase pye w leve Tèt ou pou’w wè