Yeah Rèv nou se trezò n Katye sa m reprezante a nan je kèk avan te vye zòn 28 an, se nan koridò sa yo m grandi M fè l pou di ou nan geto nou tout pa bandi Vin san danje, teren an laj menm jan ak kè m Mesaj lanmou nan tan lagè, eritaj pou sa k ap vin aprè m Yeah! Malgre mwen m vin gid yo Fuck D-FI, pou ansyen yo m stil ret ti Rhod M pa chanje pase sa M toujou sou bout mi yo Toujou manje fritay ka madanm Toujou ap trip nan katye a On dreamer pa gen limit Nan rap, m pa sot nan on blòk mitik M pran blòk mwen m fè l mitik Castro we go hard D-Fi is yours 100% benefis kòm si n te envesti nan on biznis bòz Pèsòn pa ka di m pa kite anyen rap la Yeah! M met Castro sou map la I get big dream for my city Anyen pa ka bare n, se syèl la k limit Nou gen randevou ak listwa, èske ou ap la Def to the Death, m met Castro sou map la Se youn pou lonè Gran paran 2 pou chak jenn gason, chak jenn fi 3 pou nèg ki wont kote yo soti jodi a k fyè pou di yo sot bò kay D-FI Mwen m reyalize rèv mwen san zetwal pa file Lavi m se on fim ke pèsòn pa filme Ti frè malgre eprèv gad tout sa n akonpli Nou te pati san anyen sof on rèv ak on plim Se youn pou manmi tètè, di li mèt fyè D-FI fè l, se 2 pou chanje vi kèk frè Yeah misyon m pa fini M di ou fòk geto m viv E pou sa fè albòm pa sifi Ou konn prensip la deja, toujou ak lonè n make money like Puff Ou mantalite Robin des bois, vòlè rich bay pòv M pa prale san m pa peye dèt mwen Si ou kwaze m, pa ezite rele m, m se frè ou, m pa vedèt men Pase wè m lè ou vle, m pa janm fèmen baryè m M ap bay lanmou kote yo ap bay èn Pou posterite a, pou lè yo mande m lè m te kapab sa m te bay Yeah m met Castro sou map la I get big dream for my city Anyen pa ka bare n, se syèl la k limit Nou gen randevou ak listwa, èske ou ap la Def to the Death, m met Castro sou map la Se youn pou lonè Gran paran 2 pou chak jenn gason, chak jenn fi 3 pou nèg ki wont kote yo soti jodi a k fyè pou di yo sot bò kay D-FI M dwe briye pou lòt yo ka klere Se pou nèg sa yo k sove vi m, lè m te piti k t anpeche m bwè kleren Pou Drama, Tedox, Penzon, Dez Dez, Pascal Lapinòk, Lamèk DJ Carrion, Pasa Ti Fafane, Black Peter Peter black Tout jenn fanm jenn gason Izi Blòdè Dye, Lord IMP Iceberg No Mercy San Fason Se pou deblozay non non, manager m David Pa etone ou si genyen k absan nan lis la Chimen n separe men nou nou gen randevou ak listwa Wedup Jhy Zoe, èske ou ap la Yeah, m met Castro sou map la