M ret on dènye enspi Bif ou konsyan, I don't know man À l'infini ban m on dènye instru On dènye raj pou m krache Kite ego m fè on dènye trip Filip banm on dènye wack pou m klache M pa twò ret zanmi nan rap so fuck ekip KGY klasik, m rap ak trip mwen so fuck teknik M pa bezwen yo klase m meyè a Eritaj pi gran yo, m ap pase l menm jan yo te pase relè a M pa bezwen fè 40 an si se pou m al gen eksperyans boukman Kote m mal pou jwenn on albòm ak esans bouknanm M gen on dènye rayisman Poum krache l nan figi jovnèl M se chen k pa janm tounen bwè vomisman l M gen on dènye mo lanmou, se pou geto a E menm si kounya m grenpe gwo sèn, m p ap bliye premye a se te treto a Kite m bay Dènye albòm m te pwomèt Def to the death, dènye powèt la Si tyas ou pa bon se fòt tèt ou pa akize kwafè a Met Castro sou Map la, Evazyon Mizik se banyè a On mixtape 3 EP 2 album Ban m fè on dènye vibe pou m wete kò m M ekri dekri veki m se plim mwen k sèvi beki Soutni m lè rèv mwen te brize M ret lib mepri m sou teknik fake rim vye bif ki pa sousim Menm lè se mwen yo te vize Egri megri ki te vle detwi m debil Predi sou vi m poutèt feat m refize Rekil mezi m, kite D- Fi fè bri epi ap dekouvri tout trèt ki degize M fè sa ou ap fè a, fè sa m ap fè a Si tyas ou pa bon se fòm tèt ou, pa akize kwafè a Nan game yo a m pa konn si yo rapè ou aktè pòno Men kite m bat on dènye rekò, m te soti Bal ou Rim san pwomo Filip kite m pran on dènye kif Se karyè m fè sa m vle, kite nèg yo ban m on dènye bif Kite m al jwenn piblik mwen di l on dènye mèsi On dènye fwa kite yo konpare m hahaha (Dernier MC)