Rakonte listwa Flè Dizè Se rakonte listwa prensès geto yo, se rakonte Listwa ti sè n Ki grandi nan on sistèm ki aprann li ouvè kuis li avan kè l Kote se a moun san somèy nèg ap mache vann rèv Flè Dizè bèl ou a di fe Men se kot grangou touye lanmou, byen bonè l konprann Je t'aime pa limen dife Flè Dizè anfòm k on bas L ap taye banda, sa l pa bay taye l pran ak vyolans, li pa konn womans Diyite l pran souflèt, menm jan ak machwè Flè Dizè ap chache fòs, pot pèn li bay Senjak Majè Flè Dizè grandi ak matant On dayiva retrete ki te fè l kwè anndan janm li dwe gen patant Mizè sal bote l, lonè l sabote Pou yon anbwate jenn anbwate l Flè Dizè ap sèvi nan ba Sou chak grenn byè on dola frè m, kouman pou degi pou l pa bay bout anba l Flè Dizè mache chache men l al dòmi san soupe Se ak kalòt, kout pwen, bal mawon p ap dòmi san soupe Ou ka konnen l, yo rele l Wana Yo pale de li souvan, se li ou kwaze sou twotwa a chak swa Flè Dizè te gen rèv pou l medsen ou avoka Men se lè yo fin koupe l y a wè l te bon tankou on zaboka Flè Dizè kite lwen dèyè l epòk li te sen an Tout sa ou tande a, Flè Dizè fèk gen ventan Rèv Flè Dizè mouri Sou twotwa, anba seren Sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen Yo ba l pou kantik sèl melodi Pou l viv, fò l bwase ren l Lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen Nan boule bwa gen fè chabon Chak jou l ap kwaze l men l pa konn mèt li Flè Dizè ranmase on kaka san savon Se te apre on bibil San asistans, Flè Dizè fè silans pou li se sèl mwayen pou l siviv Chay sot nan ren tonbe sou zepòl Flè Dizè al gouye sou senpyè pou kouvri malpwòpte senpòl Apre pòte Flè Dizè pa chè, nan bouske pou okipe youn, li pran on dezyèm, li pran on twazyèm Konsa lavi maltrete l Li mizè a k nan mitan pli k sou figi l yo, men longè kòd tete l Sak rete l s'on ti komès kleren Ak kèk ansyen kliyan k konn tcheke l apre on gwòg pou on kout ren Chak fanm gen sèt so, Flè Dizè sou disèt E si l ta pran on dizuityèm, l ap leve kanpe pi rèd On jou l a jou Flè Dizè ap kenbe, Beken di l l ap repare kanmenm, fanm se kajou Li pa t gen modèl Ki desten on jenn fi lè kote l grandi a pa gen on bibliyotèk men gen ven bòdèl Lè sèks se pi gwo lwazi, lè pi gwo djòb se pwostitisyon La lè on jenn fanm pòv, bote l se malegdiksyon l E yo gen odas mande l sa l te fè a po bal la Tan l pase, gen tijenn k ap vini, ba yo plas la Trantan Flè Dizè fennen Pèdi nan match lavi a, li paka gouye ankò karyè l oblije fèmen Rèv Flè Dizè mouri Sou twotwa, anba seren Sou po l frèt lavi desinen l desinen l desinen Yo ba l pou kantik sèl melodi Pou l viv, fò l bwase ren l Lè solèy mizè l fennen, l fennen, l fennen, l fennen, l fennen