Getoyout gen responsablite pou ou pran La rezon vin avan laj Ou pa t fèt sèlman pou gang La nou granmoun a douzan Pouki sa rann ou fyè lè se bò tanp on frè w ou brake douz lan Gad nan je manman w a rann ou kont pou ou se pa sa l vle Pa di m se konsa sa ye, pwason fèt nan lanmè men l pa sale Ou ka plis pou moun sispann pran w pou bòkyè Pa vann diyite w menm si glèv grangou bò kè w Onnen byen jwèt la gen règ li Pi gran se pa nèg ki mèt tout blòk la men nèg ki rive mèt tèt li Kenbe tèt ou wo Menm si ou toujou sou men w Grandi, ou pa t jwenn modèl ebyen tounen youn ou menm Little ghetto boy Playing in the ghetto street Whatcha' gonna do when you grow up And have to face responsiblity? Toujou pou lanmou, mwen aprann ke sa pa vle di anyen si ou genyen tout byen latè men ou pèdi nanm ou Timonnen pa ja Gad vi Gito ou a konprann bonjou ou pa, lari a ap manje w menm si l pa djab Gen nèg kap tirew jis paske l vle dann Kite m diw ansanm nou ka soti jalouzi se bedann Gad jan sa ye nan bren an Pote boure sou lavi se dlo kò w kap benyen kò w Ou ap pase tankou nway jwen an Konbyen ki fini prizonye Ki te pati pou diplome Lari a manje konbyen ki fini dwoge Lè ou anfas pwoblèm ke menm Einstein paka rezoud Kouman pou ou pa pèdi vizyon lè 2 je w koud Little ghetto boy Playing in the ghetto street Whatcha' gonna do when you grow up And have to face responsiblity? Yo pap ba w, se ou k pou pran La on dènye ret on dènye S on arèn tankou Donal ou dwe mete w an gèrye Se moun kap batay kap viv Konesans se zam Pouki nan plas T-65 politisyen pa bay sak liv Lè m gade w, m panse ak mwen pi jèn Mèsi Lajenès m pa konn kote m tap ye si m te nan lame endijèn Se erè pi gran yo k sèvi règ pou m trase plan m Defèt ret pi gwo pwofesè m M vin pi saj chak fwa m kase dan m Pa touche dwòg la, poze zam nan pa al twò vit Malgre tou lekòl ret pi bon mwayen pou sòti Aprann de echèk mwen pou kriye viktwaw Pran mo sa yo, an atandan se sèl yo m ka lege kòm eritaj Little ghetto boy Playing in the ghetto street Whatcha' gonna do when you grow up And have to face responsiblity?