Pou desizyon m pran m pa rive eksplike Pou rezon m pa bay, pou lanmou m pa rive eksprime Pou eseye repare kèk lyen k te brize Pou vanse, pou jwenn souri m men m si m konnen s on bonè k degize Pou lonè m, sa m pa dwe janm pèdi l jouk nan sèkèy Pou kèk konba m livre, pou ede m fè kèk dèy M konsyan ou pa efase erè, donk m pa pran l pou gòm Men kenpòt chimen m pran demen, m konnen m pa p janm pou kò m Kou Powèt la, toujou la ak on istwa pou rakonte Se pa m, si l sanble ak pa ou se gras ak li n ka kontre Pou tout ilizyon, tout pwomès yo Toujou la lè pa t gen pèsòn pou reponn s.o.s yo Lè rèv yo brize, l sèvi beki Li konprann on enkonpri men kouman genyen Rhod san pèdi D-FI Pou kèk fot m te komèt, pase m pa senp Pou rachte m, wi m blese kèk moun sa ou te konprann m pa sen M te pèdi tèt mwen, vi a gen move kote l Nan mitan tout kriyote, gras ak li m twouve bote l Gen chimen ou pran, ou pa konn kote l ap mennen Lè tout moun te vire do ban mwen, li te di m, men men m Ou pa jwenn wout, ann trase youn, petèt tifrè yo a suiv li Menm si pou chanje sa bèl rim pa sifi Se pou kèk nuit san somèy, plen angwas Se pou kèk rivyè m kriye, pou kèk jounen san solèy Se pou Estè, m swete l fyè Iwonik pandan swengen t ap marye, ak Kendy m t ap fè dexter Mizik gide chak pa m Si sèlman ou te ka konprann Kijan m te plonje apre lanmò papa m Di m sa se kwa m Men se Auto-psy k te geri m Se pa t ni alkòl ni diazepam Lage san esperans Mwen lè m di ou mizik sove vi m, se pa on imaj, frè se eksperyans Se pou ou, nou chak gen on etwal, tann tou pa w E konnen kenpòt chimen ou pran, ou pa p janm pou kò w Chak nuit pote penn li Men ke kòk chante ou pa, solèy ap toujou leve Chak jou pote pen li Se pou ba ou espwa Pou enspire ou, menm pati san anyen tinèg geto ka fè eksplwa Se pou ba ou kouraj lè ou vle give up Pou ede ou afwonte lavi fè fas ak sousi ou an giz dwòg Se pou frè sa k fèmen penitansye k ap eseye siviv Pou di l menm anprizone, kenbe lespri l lib Pou tisè sa k pèdi diyite l sou gran ri Se pou ede jwenn wout ou lè ou lage nan vi a san gid Se on bousòl, e menm si demen separe N ap kontinye vanse men konnen n p ap janm pou kò n' Nostalji, jwa, raj pèn Lanmou, jalouzi, kè brize, èn Pou konsole m, kèk nòt, on plim on kaye Chak emosyon, chak chit gen on son k la pou pare l Espwa, viktwa, chak fèt , chak rèv Eksplwa, konba, defèt, zeprèv Konviksyon, pozisyon, anyen pa ka bare n Chante endiyasyon n, Chak revolisyon gen on son k aponpanye l Toujou pwòch ou, kèlkeswa kot lavi mete w Mwens teknik plis kè, hit yo pase emosyon yo rete Se pou rèv ki te plante men k pa donnen E menm si demen m prale kote yo pa konnen m, kote m pa konnen Menm si m sispann fè konsè, sispann fè albòm Menm si sal yo vid, kamera yo etenn, m konnen m pa p janm pou kò m Se lè pou m wete m Men raple, lè ou santi ou pou kò w, jwe mizik mwen w ap santi n konekte Se te on dedikas pou on piblik Men sa k iwonik, se nan mizik m di n m ap kite mizik