Se te jis on rèv kou Chris Wallace Pran mikwo a epi rakonte listwa on nèg ki an kriz chak swa Lord te di m Def wè pi lwen ke pwent nen w Lè nèg tankou w soti se pou byen geto a gad kot sa ka mennen w La s on sèk visye, si m te vann valè m yo m tap byen lwen Kouman pou m di w, plis m ap mwen menm, mwens yo ap renmen m Se vre gen chimen ki fèt, m fyè de pakou m Men kite di w, m te vin fè rap o final se rap ki fè m M pa chanje, mande Wellborn depi mizè pa dous la M se nèg lè l ap bwè dlo kap panse ak sous la M beni, se te on reyinyon fanmi pandan konsè an M se ti frè w ou gran frè depan de sa kap bay konsèy lan E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede m geri Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi Di yo talan pa sifi konsidere m beni Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni Kwè nan tèt ou se byen, men gen moun ki kwè nan ou miyò Se pa destinasyon an men chimen nou pakouri yo M te pèdi m e m sonje kiyès ki te ede twouve m M pa mòd nèg k ap di ou m renmen w, m prefere pwouve l M vle w renmen m pou sa mwen ye, pou sa m ret onèt M rann ou l back, m pa kwè se lachte si gen byen ou fè m rekonèt Mizik mwen p ap gen sans si m pèdi pasyon M te vle goute siksè, m pa t rann mwen kont si m tap jwe ak pwazon M te wè chenn lè nèg yo te wè blengbleng E si m ba foul la do, se pou m pi byen jere band mwen M redi l, m pa gen sousi best, game nan m ret byen lwen l Kouman pou m di w M plis bezwen rap pase rap bezwen m E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi Di yo talan pa sifi konsidere m beni Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni M te kenbe rèd Zile Men m dwe al lwen pou m konprann pre La pa bezwen m, l ap miyò si m ekzile m M te fè sa m kapab Men antre nan on gè fratènèl O gran Jamè m pa kwè se pou sa m tap batay Se pa konsa m te wè rap, kot valè Hip Hop yo Kot lanmou, kot inite, kot verite kot respè a Apa kèk beat Filip anyen la ankò pa atire m Frè k ban m akolad maten aswè se li k pral tire m Mwen m ret pou m peye dèt mwen epi ale ak kè m lejè Pou sa ki te banm valè, lè kèk lòt te gade m kòm rejè Prèv pou finanse albòm sa, se piblik mwen k kolekte Lè m absan, jwe mizik mwen, ou ap santi n konekte E si lè yo te di m kreten genyen k te wè m kou jeni Si genyen k te konprann doulè m, ban m zòrèy pou m jemi Ki te leve m lè m te tonbe, ki te ede geri Si genyen k te defann mwen lè kèk lòt te vle detwi m Ki pa t tann m swe pou yo pou te chanje m chemiz Si genyen ki renmen Rhod avan yo renmen D-Fi Di yo talan pa sifi konsidere m beni Se gras a nou m ekziste, konsidere m beni