Hmmm Ale moun yo ale Men se pa Bondye ki rele yo 2 bra pandye nan on lopital Yo domi leve ak lanmò adjee Yo di m lopital jeneral se la map jwenn bon doktè san lajan M tou mache ak gan m, se premye preskripsyon y ap ban m M ateri kot yon ti malez ka pwovoke gwo dram Se lè kanaval yo bay dra Donk m tou mache ak dra m Pa gen materyèl sa koz moun mouri san dyagnostik Medsen sèvis pa vin travay yo pito jere klinik yo Lopital inivèsitè lage sou kont rezidan Livre a li menm, m kwaze yon pasyan k ap mande si peyi a gen prezidan Minis sante siyen kontra ak mò pèsonèl pa ka touche Pa gen kouran se nan flach telefòn moun ap akouche M vin konprann pou mouri nou pa Janm twò jenn Nan chanm lotbò a on bebe 8 mwa ap trepase pa gen oksijèn Pa gen skanè, nan prive li tèt nèg Manzè mouri sou wout pou yo transfere Gwo lopital la pa t ka fè ekografi kè Se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò Depi w antre la w g on pye w nan Koulwa Lanmò Tonbe moun yo tonbe Men se pa Bondye ki rele yo 2 bra pandye nan on lopital Yo domi leve ak lanmò adjee Pa gen kabann pandan tout san nan kò l ap vide Pa gen medsen pou pran swen l yo tout te oblije migre Mizè ap vale teren swa siviv tijèn bay repiyans Medsen lage nan rakèt medikal oubyen soutretans Pou soti tèt yo y ap goumen Tcheke on ti djòb nan ONG Sak jwenn bous ale yo di nan lanfè a yo p ap tounen San konte trafik seksyèl Fanmi an prè a tou pou malad li pa mouri Slogan: Lè w gen bèl PM ou pa soufri Menm lopital la gen gang li Manzè mouri Kèk minit aprè, timoun nan mouri anndan vant li Ou mèt a latik de la mò depi w pa gen kach yo pa p ap resevwa w nan prive Se lè sa m ap mande tèt mwen eske lavi pa gen pri vre Se deja 3 lopital m pase san swen Sa k pa gen kabann, pandan papa m la ap trepase nan men m Sa se moun leta touye pa di m depi w mouri w antò Depi w antre nan lopital isit ou g on pye w nan Koulwa Lanmò Tonbe moun yo tonbe Men se pa Bondye ki rele yo 2 bra pandye nan on lopital Yo menm tete lang ak lanmò adjee Adjeee Adjeee Adjeee Adjeee