Nan yon koridò bò rigòl dlo Anndan site Kastwo 2 ti jèn chita y ap pale Ak grenn sèl anba lang yo Pandan youn t ap pale youn t ap koute Yo pa fe bri Nyaj jwen an ki pote ale sa yo t ap di Kouzen, bagay yo grav menm sou fòs mwen m pa ka konte Sa k vin nan menm nan ret kanpe pandan tout bagay ap monte M la m ap gad fyète k kouche malad nan Belekou Yo touye espwa gran ravin pa gen pyès moun pou pote l sekou M pèdi nan panse m On plat manje s on balon dò Mize demounize n Jis pou bat bouch ti sè m ap vann kò Poutan m debat fè tout sa yo wè k dezonè M lave machin mwen pote chay e menm mandyan selon jounen m Koz m pa ka antre 2 men vid, non m p ap antre janm kite vant yo Sèl zam nan m pa kenbe kouzen m fè jounen mason m vann dlo Se lapèn lè madanm ap fòse souri pandan m chits ap touye tan e espere lanmou l p ap mouri Kouzen m wè Diyite ap fè trafik Prestij ti nèg ret nan boutèy Desten trajik hmmm Anba jipon madan Kolo se dèy Mwen m lage pye m Si l pa pou on mal l ap pou on byen Dayè isit pa gen lavi Kannòt pa fèt pou chyen Kouzen m pa wè espwa La wè solèy leve se on rèv e lè leve rive wè l kouche s on eksplwa M paka enfliyanse chwa ou, pa menm ka wè do men m Ke ou bouske vi miyò kannòt pou pwovo ou batey sendomeng Kouzen Twa pitit Youn nan kouti jounen mason pa peye lwaye bay lamanjay, e si ou gen on ka klinik Kouzen la se pa sa k merite k jwenn men sa k konn pran Ou pa mèt desten ankò, ou sou kont vag ou sou kont van La ba pa tè pwomiz Men m konprann ou lè ou di m vi a se riske Ou p ap gen anyen si ou pa fè gwo miz Pran pè tennis sa, 2 grenn mayo sèl sa m ka ba ou Mwen m la toujou kouzen m la ap batay jouk sa kaba M ap toujou voye je sou fanmi ou kouzen Men pa fè m pwomèt ke m ap di ou si toutfwa m tande madanm ou nan bouzen Kouzen ou ka siviv nenpòt kote si la a pat tiye ou Men pa bliye kote kè ou ye se la patri ou ye Kouzen tan ap pase, nou ret san nouvèl Dlo ap vin pi santi, nou pa vle mouri swaf nou bouche nen n pou bwè l 5 an ou pa voye ou pa rantre, omwen ou ta kite vòys Madanm pèdi espwa sanble ou bliye ou te kite l gwòs Li fè silans men ou konn sa k nan kè yanm sa k ap konnen l se ti kouto Dènye a fèt li ba l menm non ak ou, nou sanble kou 2 gout dlo Twazyèm nan fenk desann sètifika, men ki lekòl Yo ap sove lafas men madanm pa janm lage kò l Li la l ap kenbe, li pa ba yo bòpè Li fè tout ti djòb, lesiv vann pen, pistach malere pa dezònè Men ou konnen zanfan yo suiv ekzanp Yo pa koute konsèy Chimen lari mennen dwat nan lanfè l pa mennen nan syèl Dezyèm nan t ap gentan gran simityè si l pa t penal Dezòmè pou kwaze avè l fò ou mande apena kouzen Nan bouske lavi w detui lavi fanmi w Premye a ou a kwaze l lè ou tounen si ou pase gran ri