Yeah yon ti nèg ki sot Castro ki prefere w kraze CD l Pase l sede Kiyès sa D-Fi Powèt Revòlte Kiyès sa D-Fi Powèt Revòlte M p ap janm rapè ala mòd ou a on Nèg k ap bounce sou beat K ap pale de swag ak Bitch on Nèg k ap bouske hit Rap mwen pa gen put your hands up e La Pa dirty south M plis powèt ke Thug m pa gen son k pral burn this club M pa ni yon pwojè marketing k ap pran mizè pou fon d commerce Antisistèm depi vi nèg m ap fè on song protest M pa yon pwofèt ankò mwens nan peyi m Nòmal pou pozisyon m pran met siksè m an peril Rap mwen twò vrè anfèt se sa k fè y ap kondane l Malgre yo tan blame l men l p ap chanje menm apre tant d'années Sou do m m ap pot yon kwa paske m pa vle suiv on kouran Men l tou nan natirèl ou mèt chase l l ap tounen an kouran An vrè kiyès ki entèrese ak ide m ap pwone K ap met men nan revolisyon m vle kouwone Rap ap stil ret Street li p ap fèt san klach ak bang bang Kraze CD m m fè l san kach ak Bling Bling Game nan pa prè Rap mwen twò vrè Pou sa y ap fè konplo pou yo ka kraze CD m M ap fuck on sistèm Mèt an peril siksè m Menm media ap fè konplo pou yo ka kraze CD m Gen sa m konteste Gen sa m vekse Menm rapè parèy mwen yo ap vle kraze CD m Sa k deteste m on jou te teste m M tèlman Hardcore Pwòp fan mwen vle kazre CD m M ap panse pou klasik tandans lan ap panse pou tube An vrè èsk on karyè rezime ak vu sou YouTube Se foutu pou w fè hit kounya se nan ipod Rap vin mwen ekspresif nan tout ekspresyon Hip-Hop Men m fidèl ak konviksyon m m p ap trayi plim mwen Tankou Lord pa gen bitch a kilòt k ap dekore klip mwen Menm si l ta abil tankou Chassy ak dwèt li On vrè lidè pran pozisyon l avan l chache adèp li Pou buzz nèg la vann ni nanm li ni kò l À quoi bon pou hit D-Fi ap titre babay Nicole Ni dwòg ni kòb p ap kowonpi talan m M pa nan mache nwa w bezwen on vwa mande Kato nan palman M p ap vin rape geto a cool pandan l ap koule Ni m p ap vin rape m s on boss pandan pòch mwen twouwe Zòrèy ou ak vwa m p ap ka pote ou vle trip Pandan m ap defann dwa m ke y ap vyole san kapòt ou vle m di w Game nan pa prè Rap mwen twò vrè Pou sa y ap fè konplo pou yo ka kraze CD m M ap fuck on sistèm Mèt an peril siksè m Menm media ap fè konplo pou yo ka kraze CD m Gen sa m konteste Gen sa m vekse Menm rapè parèy mwen yo ap vle kraze CD m Sa k deteste m on jou te teste m M tèlman Hardcore Pwòp fan mwen vle kazre CD m M pran rap kòm angajman m pa fè l pou m distrè Viktwa m pa nan dis tenis men nan gide dis frè A fòs m pot pwa geto a ou ka panse m gen diskè Pou m sòti mizik mwen la m bezwen kouraj pase diskè San tattoo ni percing yo di m sa bay non MC M pa janm touche on weed men yo di m sa bay enspi Mwen se a kout plum Pa a kout pub Mwen jwenn Respè m M pa ret sou beef si w wè m diss youn se pou m fè rès yo pè m Mwen k panse m t ap antre nan rap pou m ba l jarèt Men sa m wè ladann banm kè plen faudrait-il que j'arrête Jamè sa tanpe à vie Die Nasty Denonse revandike pandan m ab bay klasik Pozisyon m pran fistre menm sa k te vle ede m Yo vle swag pandan se koz geto a m ap plede Yo poko wè anyen sal rap se a b c d m Konviksyon an p ap chanje yo fèk kare kraze CD m