M chwazi mond mwen, nan mitan sa yo bati ban mwen M kwè nan rèv kenpòt si isit yo mouri san grandi Tèlman gen melodi ki depase briganday, m pa twò jwenn modèl, m eseye youn mwen menm M fè chimen mwen, pa gen anyen ki trase isit M detounen de sa yo te ban mwen kòm prensip Tèlman gen melodi ki depase malveyans M senpman kenbe lanmou ki donnen nan je ou manman mwen Mi yo gen zòrèy, mwen m se vwa koridò yo Se pa san k ap koule nan venn mwen, men se dlo rigòl yo Pou ou byen konprann istwa a m konseye w tounen nan koumansman l Chansrèl, 1991, on katòz septanm Esther akouche m, benediksyon de (2) nouvo marye E si yo te pati san anyen, se sou lavni m yo te parye Castro akeyi m ak bra louvri, sèvi m bèso Lavi pa janm al kite n, si pa gen plas, n ap pran sèso Byen bonè, m konprann nou tout pa pati ak menm chans lan Te sèlman gen manman m ant mwen menm ak delenkans lan Evite m lari a, mete m sou chimen lekòl Rèv li, nan kenzan, wè m sou biwo, kostime, kòl Pou sa gen sakrifis ki fèt, gen demon k konbat Strateji, mete m nan gwo lekòl, demen m ap gen gwo kontak Kay frè, men byen vit m wè m pa antre nan moul yo a San respè pou prensip, m t ap mache kwochi kote moun yo dwat Fuck F.I. c, pou yo m kreten Elèv modèl yo a, ti jeni nan mat, respekte tout règ, kretyen M pèdi nan de (2) mond, pou geto a m rich Men pou yo, tan pou m te vin lekòl ak bag pito m te vin ak krich Nan fenèt la m t ap gad lavi m, fuck kou trigo Tout sa k te nan tèt mwen se foutbòl make kèk gòl kou Figo 2007 m te menm kwè m t ap pral Kore ak Labaz Men rèv yo ret anprizone lè Castro tounen Alkatraz M pran desepsyon nan vi a, paske m te twò nayif Rèv pou m ekonomis mouri jou m antre nan lekòl dwa gonayiv M rann kont depi nan depa m yo pyeje m Avan ou di m dejwe, konnen byen sistèm nan kanalize m pou m echwe M mare kanson m, m retwouse manch mwen Lavi a se pou moun k ap batay, mikwo a sèvi manch mwen M se jenerasyon envensib, m fèt sou anbago M wè sa k ta dwe sèvi m modèl kouri pran bato Sa reken manje nan dlo, sa k al ogmante brasewòs M te gen sèzan lè m te kontre ak manifestasyon Klowòks Jenerasyon yo bay lasini Sa m viv, zewo tolerans, bagdad, raboto, lasiri M ba tèt mwen on rezon pou m ekziste Defann dwa m tankou 35 Zile, mizik se mwayen pa m pou m ekziste M ekri sa m viv, e sa m viv yo kriyèl Yèswa ankò, gen on frè m ki tonbe nan on riyèl Dlo je manman n koule k te reve wè n diplome Men n se timoun fwonte, n al fè bab nan simityè, nou fini prizonye M pran mikwo pa pou fè ou plezi, pa pou krache èn mwen Nan figi on sistèm ki kreye kondisyon pou gache rèv mwen Sistèm sa m vin pirate l Antere leta kou lanjelis, Jomo nan rèv mwen Kaya pa rate w Ou pa wè moun sa yo k ap dòmi atè devan palè w Jou geto a leve kanpe se jou malè w Jou n idantifye vrè ennmi n, n ap konn kiyès pou n tiye Vrè kriminèl la pa sa k gen zam lan men sa k distribiye l Nou vin reklame jenès nou pandan nèg yo gentan pran lavni n Se menm pwoblèm yo soti Castro, pase Solèy, Gran ravin Menm gè gang yo, menm krim yo Menm doulè yo k ap koupe trip manman n, menm zanfan yo k ap pouse menm kri yo GetoYout sot sou chimen an al kontanple lorizon Lòt bò baryè a gen vi, la a s on prizon Libète yo p ap ba w sa, se pran pou pran l Solidè youn ak lòt se nan linyon n ap jwenn fòs Pa bouke reve se sèl trezò w Konnen si lòd ki etabli yo enjis se devwa w pou dezòd Toujou koute kè w, se li sèl k ap ba w verite Toujou ret onèt, pou tout koz ki jis ou dwe lite Soti ak tèt nou wo Si n pa rive fè sa n dwe fè, nou va fè sa n kapab, listwa a chwazi ewo l M chwazi mond mwen, nan mitan sa yo bati ban mwen M kwè nan rèv kenpòt si isit yo mouri san grandi Tèlman gen melodi ki depase briganday, m pa twò jwenn modèl, m eseye youn mwen menm M fè chimen mwen, pa gen anyen ki trase isit M detounen de sa yo te ban mwen kòm prensip Tèlman gen melodi ki depase malveyans M senpman kenbe lanmou ki donnen nan je ou manman mwen