Rap mwen se mizè on majorite K nan pwofi yon minorite Rap mwen kenbe lespri l lib menm si l minote Rap mwen se Geriya sou fey blanch Fuck Nasyonzini Unies se pa Minista k ap ban m lapè m menm 4 fèy planch Rap mwen fuck game nan lap batay pou l klasik Ki fè m te tounen pran gramè lè wack t ap pran Grammy Rap mwen fuck sistèm nan tan l pran siksè an lap pran Sida M rayi hit depi lè Krèk Koko vin diva Rap mwen p ap monte li grandi nan on panye krab Nèg gen poul livre l menm jan Conzé te bay Peralte Rap mwen touche kè Rap mwen ap mouri pòv nèg paske l soti kote santi bon pa koute chè Rap mwen vrè Fuck teknik, twòp deriv Rap pa m pa chanje paj, rap mwen chanje liv Rap mwen s on kriminèl l asasinen rèv manman m Men l fyè kochon pa t manje santiman l nan nèg bannann Se vwa yon reskape bagdad Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal M p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap Rap mwen s on getoyout ak on Toris Kou Lamothe li fuck Steph Balmyr Kote m soti a pa atire touris Rap mwen f on sèl ak kwabosal On bèl plim pou ekri vi lèd rap mwen trè paradoksal Rap mwen pèdi tout diyite l sou grandi Fristrasyon gonfle anndan l li eksploze pou dan ri Pa pran l pou sen Rap mwen s on SDF Jou m pale de kay pa m y ap ansasinen m kou Ghyto Toussaint Rap mwen se reyalite chak katye Popilè di APEID sekèl yo rete kou efè medikaman 4C Rap mwen vyolan paske l grandi nan èn Rap mwen ap viv an gè li pral mouri an pè Rap mwen s on teworis on kamikaz nan mitan bonm On gèrye ak on plim m g on kalach nan mitan non m Ak sistèm sa rap mwen koupe pon Powèt Revòlte nigga jou w pa koute rap pa m w ap koute plon Se vwa yon reskape bagdad Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal M p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap Rap mwen s on bann aderan K ap batay pou yon vi miyò di yo ba nou bon lekòl si tout fwa w pa vle n gang Rap mwen devwale krim Demokrasi ap maske Dread, Etidyan, Rapè M s on defo fabrik Rap mwen p ap pete kare si tout fwa bouda l won Se fanm k ap batay pou dwa yo negès mawon Rap mwen se mache an fè Se Mache taba Chak lè w boule yo ou boule avni 6 timoun san papa Rap mwen se inosan penitansye Vòlè on pen se kriminèl men vòlè tout on peyi se prezidan l ye Rap mwen gen konviksyon BPrad Rap mwen Revòlte se Ed se JaM Kenfs B art Rap mwen pa popilè men l pran pwezisyon On Simidò banm memwa m montre m chimen revolisyon Rap mwen s on bann ewo anonim de Zawon a Flore Sadrack Se ventyèm moun nan foul la k ap kriye Dezòm kaka Se vwa yon reskape bagdad Nan gè depi m fèt pandan geto ap koule m pa ka ap dab Jenerasyon envensib, mizik se zam pa m Jou m depoze mikwo m nigga m ap bay bal M p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap M ap batay m p ap rap