M pa mòd nèg lè l pèdi bann, se kapòt l ap akize M te toujou di m ap sispann jou sa sispann amize m Lè m nan sitiyasyon m pa ka kontwole, m panike M ap wete kò m avan ou al kite m Ou te di m, siksè ka manje m, li mal pou donte Ou te di m, pi bon mwayen pou pa tonbe, se pa monte Ou te di m m pa machann mizik, jòb mwen se kreye Nouvo ennmi m yo se ap ansyen frè m yo C'est le prix à payer E chak fwa m ap gad pakou m, konsidere m beni Messi pa fè inanimite, m ap toujou jwenn k ap fuck D-Fi M pa t gen on santim, m te sèlman gen rèv mwen Ou te kwaze m nan doulè a, ou met souri sou lèv mwen San ou mizik mwen ap vid M ap Batay pou kenbe valè m yo nan on sèk visye M mefyan, moun yo avid Ou konn jan rapè ye antre yo Detui ou san rezon men se yo k ap premye fè omaj jou y ap antere ou M pa vle tounen on maryonèt Rap pou fè twal la plezi M rap sa m viv, m viv sa m rap kote twaka pa onèt M pa p lonje figi m, menm si se pou bo m Parano m ap wete kò m, avan yo pouse do m Listwa va di si m te gen rezon ou pa 15 zan pasyon, m pa regrèt on segond malgre m pran kou ba Ou pran m nan lari a, sou lalin ou mete m Men pi move santiman, se pa konnen si ou dwe ale ou si ou dwe rete M fè lè m, rann fyè kèk patnè m Ou te di m koute kè m vanse, menm si nan mwen yo pa t kwè Ou sove vi m, donk m ta dwe viv li Ou ban m on non, ou ban m Evazyon ou ban m on piblik Ou te Bousòl mwen lè wout mwen te nwa Pi bèl moman yo m viv yo lwen kamera yo ret grave nan memwa m M paka janbe dife ankò m vin on bèt a ke Epi, plis y ap remake m, se plis ou ap demake m Se lè pou m wete kò m, a quoi bon rete si ou pa la Yo di nan pa lontan ou ap tounen, ebyen jou a la E pou lòt ki konn ap mande m si kèk rim ka nouri m M pa tap fè mizik pou m viv, m tap fè mizik pou m pa janm mouri