Vi a rann mwen parano pa kondane m sou jan m wè l Pi bonè se granmaten, m leve bonè m kwaze ak chanpwèl On jou ou lòt, plato balans lan ap panche Donk m pa asire w ke m ap pase tout vi m ap punche Deja vi sa fatige m Twòp dilèm, twòp moun pou m desevwa Vin sta pa si fasine m Sitou lè m wè sa nèg fè, kijan yo pèdi valè Sa k te Wa lakay yo pou hit ka zòt tounen valè M vin wè menm sa m te pran pou lidè a s on follower Konprann desepsyon m, sèl bagay nan rap mpa twò fyè M pa twò kwè nan lòm, reyaksyon yo pap etone m Si m reyisi se pou yo tout, men si m echwe youn pap epole m Kite m dekone Avan rèv mwen kwaze ak reyalite a Ak rès mond lan kite m dekole Lòm rann mwen egoyis, m renmen tèt mwen ke pwochen m Kwè nan yo se gwo risk, menm konfyans m pa fè pwòp chen m M parano, e si tout pwojè m tomber à l'eau Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo M parano, m parano, m parano (bis) Sou ki m ka konte? M grandi nan panye krab, m wè nèg ap rale m desann chak fwa m vle monte Gen sa m vle montre limyè men l pito gad dwèt mwen Jida a chita sou tab lan ap prepare l pou al trèt mwen Ki wout pou m pran pou m al ka God si tout ap mennen m Wòm? Yo te di m si m vle al vit, fò m fè wout la pou kòm Men m te vle al lwen, donk m kite y akonpanye m Rezilta? Se kòm si m tap bwote dlo ak on panye Twòp fo frè, mizè rann nèg akrèk Kijan pou m jwi si sistèm map fuck la pa gen bon k M fini pa konprann se pa on fin en soi pou vin selèb M ap viv nan rèv, m fini pa feel tenèb Li te lè pou m te fè bri, pou mas yo te ka tonbe M stil ret kwè se pa view sou YouTube ki pral konble m Men jwenn pè ak konsyans mwen pou mwen se pi gwo defi Vrè zanmi m se nèg kap show Rhod love, kap fuck D-Fi Mparano, e si tout pwojè m tomber à l'eau Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo M parano, m parano, m parano (bis) M anvi siksè men a kèl pri? Bay Castro do? (Hum) Mande Mad-S jan geto a te reyaji lè l t al bèl vil Se pa bèl rim ki pral nouri fanmi m A kwa bon pou m ap briye si frè m ap mouri famin Mouri pa pil, kouri twò vit, pran nan foli lavi avid jouk li rive pouri avni l Kouri al di l, m p ap tounen esklav apre m fin pran gou mèt Veye kou trèt kap banm minòt sou fòm goumèt Si ou ap ban m glwa fè l kounya pa tann jou m die man Pou ap di tinèg Castro a te gen valè kou diamond Do m laj, si l ka pot kritik, konsa tou li ka pot glwa si m se pen fò m ka jwenn fwomaj M fuck omaj posthume, menm si m tonbe sou bal pa rafal Menm si se sa k tap fè non m resi site Aprann menm pi bèl mizik la pat ka resisite Ni G Bobby, ni Dade, ni Dejavoo, ni K-Tafalk M parano, e si tout pwojè m tomber à l'eau Lòt bò fil kiyès kap reponn chak fwa m di Alo M parano, m parano, m parano