M ap viv pasyon m, menm ak manman m chwazi tete grann Raple w lè pyès pa t kwè nan mwen, pou santi yo pa t pete ban m M te vle gran, yo di m swa w mouri, swa w touye, kote m soti a nèg, anyen pa t ka anpeche m si m te vle gang Fistrasyon m? A! M pase sa sou kèk beat men M aprann plen vè m a fòs m grandi ak kè vid men Lank nwaye pèn, dlo mizè nwaye rèv M voye je m nan je Esther chak lè èn ta vle nwaye kè m E tanpi si m fini mal M fini pa konprann ke siksè a menm pou nou tout men reyisit la chak moun defini pa l Mizik fè m touche syèl E si vrèman gen paradi, m espere kwaze papa m chak lè m monte sèn Pou on mizik ke m renmen E paske lanmou avèg m kite l mennen m Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon M bati vi m frè m m ap viv Desepsyon parantal Fanmi an konte sou mwen pou l sot la a men à ce qu'il paraît fè mizik onèt pa rantab Rèv Ak Plim se byen, men manman m t ap pito on diplòm Desepsyon inonde kè l kòm si l te kriye on siklòn M ap trennen on lavalas doul dèyè chak souri m frè m Se melankoli m ki fete lè m jwe vi m sou rim frè m Rezon k fè m viv kounya a avan te on senp foli Mizik anprizone m, m kondane a vi anndan on senfoni Nòs majik Depi lè m kwaze rap menm si fantasme sou avni m, sa rann mwen nostaljik Men mizik fè m touche syèl E si vrèman gen paradi, m esperz kwaze papa m chak lè m monte sèn Pou on mizik ke m renmen E paske lanmou avèg m kite l mennen m Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon M bati vi m frè m m ap viv M te pèdi nan on rèv pandan kèk moun t ap moke m Pòt siksè fèmen pou ouvè l, travay se mo kle M te sot sou chimen an pou m al kontanple avni m Sou po m, m pa t vle pou geto a te tanpe a vi Yo te di m lavi pa p ba w, pran M fè ovèdoz somnifè depi lè m apran ke pa gen rèv ki twò gran Mizik sèvi m pon, reve pete plafon Kouman pou m di w plis ap gen vid nan mwen, plis ba m yo ap gen fon Chak kou m rap M bliye sousi yo, nuit la gide plim mwen kou Psy 4, Soy un hijo de la luna Mizik fè m touche syèl E si vrèman gen paradi m espere papa m chak lè m monte sèn Pou on mizik ke m renmen E paske lanmou avèg m kite l mennen m Ant plezi ak risk, ant mo lanmou ak fistrasyon M bati vi m frè m m ap viv