Chak jou k pase nan vi m, map boss tha rhymes Prèv ke m vle rive gen on non kou Busta Rhymes Sa kòmanse an 2003 Vi Nèg tap bèse m Adolesan m te vle pèse san kite nèg pèse m Hip Hop frape m, se te jis pou trip mwen Sak ta di on jou mtap santi l jis nan trip mwen An 2005 mkonn Lord (IMP), on gran nonm M remèsye vi a m te kwaze ou, nigga m dwe ou non m Rappeur hors norme, men m te toujou ap viv dans l'ombre Lòt bò baryè premye tèks mwen defini m ekriven sombre Se epòk Nwa ak Wouj met on jenès an foli Di m pi bèl fyète rap aprè Best-seller an foli M bay respè a sak merite l, m pa nwi m te elèv M konn on jou kanmenm m tap vin pran la relèv Frè m m depoze on rim nan memwa Dejavoo M pat jeneral ni sòlda men nan konba rap m te gadavou Pou m te rive la m bay swè, m bay kran M bay kè, m bay san M rap tan, m bay tan Pou m te rive la m met raj ak talan Men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan Pou m te rive la m fè vibre on favella Di m sa w wè w ka fè la M wè gran kou Rocafella Pou m te rive la Die-Nasty, DefHustla HighRec mizik Epizòd di nèg la kenbe favè l la Pa on jou san on rim, mizè gaspiye talan On gran nonm te di m map briye menm si m ta lan M te vwe m ak rap, kolabore ak Krys Stephane Pwezi te pa n men kòb still te pàn Li kite m li pran wout Christ se chwa l Poutan jouk kounya map soufri depa l Lè sal rap ban m kè plen m konn anvi tande 2 ba l Regrè m, yo p ap janm konn sa ki te nan Rap plis ke sa 2010 m pa chanje, nan geto a m ap trime Diferan day same shit m toujou ap rime Ak espwa on jou hit ap di m welcome Se konsa mvin kwaze Z, Kelly, Degou, Wellborn Rave, premye beat maker ki met beat anba m Si l te Dre m tap Eminem tèlman l te kwè nan ba m Smart Thug pran premye vwa m, big up DefHustla Family On lòt paj ta pral ekri jou m ta pral kwaze Chrispy Pou m te rive la m bay swè, m bay kran M bay kè, m bay san M rap tan, m bay tan Pou m te rive la m met raj ak talan Men tout sa w tande a rap pa t pwomèt ni glwa ni lajan Pou m te rive la m fè vibre on favella Di m sa w wè w ka fè la M wè gran kou Rocafella Pou m te rive la Die-Nasty, DefHustla HighRec mizik Epizòd di nèg la kenbe favè l la M anchene rim, raple ou 48 ba m an freestyle Sha clan te fyè m tap depoze Die-Nasty style Pwojè san abouti tras yo nan memwa m M pot ko menm fè Mwen la lè Castro t'aklame m Wa Konsyan ou ego, plim nan m pran swen l byen M ret kwè m tap gentan hit si m te fè Rap-Id ak Swengen Brèf, m lage pou kò m Paske m te kwè nenpòt chimen m pran li tap ka mennen m Wòm 2013 ak Street life, m anonse Sal Rap M fè rap konsyans ak mo ki pi vyolan ke gangsta rap M pran on lòt etap kou Kaz, m chanje epizòd M te kite street lan pou m pase dèyè booth Epizòd M tou pre siksè, se sa m te kwè men m rekale paske m pat vle pou m koube m a on sistèm Se ak on plim pa ak on baton m antre nan dans Mwen mtoujou gen tandans pou m pa jan m swiv tandans Twò vrè pou siksè, jijman sakastik Touche fon, 2014 ane sabatik M te menm panse vag, mèsi pou sipò n, swe pou mwen, pou ou map chanje rad 2015 m chanje paj, Powèt Revòlte apre apèl Ed Fè m konprann se pa rap ki mouri men se rapè k dead Levanjil geto fè eko, non m ap kònnen 2016 Rèv Ak Plim, SonMakònnen