Eseye ajanse kèk rim pandan Filip ap plase nòt M rann kont lè lanmou ap antre l pa frape pòt Mwen jwenn on zanj sou wout malè m On ti melodi pou bèse m Nan mitan nuit la se vwa l ki te pote m ale San pèdi tan m lage kò m nan vid lan M damou danje M te di n m ap renmen ankò, m ap souri ak dlo nan je Sa difisil pou mache lè se sèl lanmou nou genyen Nou brize, donk nou vle resevwa san n pa vle bay anyen Mwen m panse m te pare Men ou konn moun, nou toujou vle plis e se pa on lòt kè brize pou m mande repare m Nou klè, nou konnen byen lavi pral ba nou frap Men sa pa gade n, nou damou e n prè pou n boule etap Donk n ap panse ak fwaye Antre nan kay ansanm san menm panse a ki jan n pral fè pou jere lwaye Gen pati nan vi n, nou pa janm pale Men n di pa enkyete n, kèlkeswa jan sa ye nou youn p ap janm ale Nou pa fè pwomès se pi bon fason pou kenbe l E si ou renmen on zwazo, se kite l vole se pa nan kaj pou kenbe l On maten l rele m di nou dwe pale men pito nou wè M koumanse strese m di sa se sin move nouvèl M ap fè plizyè ide, petèt nou manke afeksyon M pèdi tout manm mwen lè l di m li bay san e se pa t enfeksyon Se pa sèlman on bb n pèdi men tou on ale senp pou syèl Se lè sa m rann kont tout rès la se pousyè Anpil nuit pase e jodi m deside ekri on lèt Pa pou ni fanm ni on piblik men pou on bebe k pap janm fèt Pou di l li t ap pi bèl kado m M tap onore papa m M t ap veye kote m ap pye m paske m konnen l pral suiv mak pa m M tap montre l kote warrior m Di l manman l se on rèn e pou resevwa l nou te oblije al bati wayòm Di l vi a pa si bèl Pa atann anyen de moun pou yo pa desevwa dayè menm anndan Castro gen zanmi k pa fidèl Di l ret li menm, l pa blije fake pou fè yo aksepte l Sa pa gade l si yo renmen l ou pa, enpòtan, yo dwe respekte l Di l pa janm kite yo pran libète l Vi a se on kesyon d chwa E menm si sa ap koute l vi l kenbe entegrite l Valè yo ret menm fi ou gason M t ap di l pa sispann reve, vi a pa gen sans san pasyon Di l lanmou se richès nou Mwen ak manman l se 2 moun ki brize kidonk li t ap remèd pou tristès nou M t ap ba l lavi, li t ap remèt mwen bonè m Li pa t ap manke anyen menm si yo pa achte daypè ak powèm Syèl la te bezwen on zanj, rezon m bay tèt mwen M te vle kite son sa avan m fin fè malèt mwen M pa plenyen sa menm ak Lapik M ap soufri an silans E pou yo pa wè dlo je m, m kriye anba lapli PS: Ret fidèl ak prensip mwen yo Pran swen fanmi an, apre sa tout rès la se pousyè