(M ap chache mwen nan mwen) Se toujou kronik on Powèt (M ap chache mwen ou) On Powèt ki sot Castro (M ap chache mwen nan nou) On Powèt Revòlte M ap gad reflè m a travè mond lan kòm si l t on miwa Piramid negriye mwen m mi-esklav, mi-wa Nwa sou blan met verite m rasis kou B-Art M prefere se ke genyen kòb pa suiv kòbiya Lank pran vijinite fèy mwen Pou bay pwezi dous ou anmè Dèfwa mrap ak kè m, dèfwa m rap ak fyè l mwen Rim apre rim vi m jwenn ekilib Mwen se a travè on plim pa a travè on jwen ke m vin lib Trayizon k touye konfyans m evite damou Ev De peur pou sa ki pral matlo m nan l pa koulèv Tout de même, fas mond lan twonpe m tout nèg ak rèv ap fin kou Martin Luther King m ap tann yo plonbe m Koute agoni m Poze sou yon sample Suisid mizikal mouri lantman lè m koute vwa Lauryn (Lauryn Hill) M bouke wè djab la lè m gad reflè m Sou yon fèy blanch m vin refè mond lan avanl refè m M ap chache mwen nan mwen M ap chache mwen nan ou M ap chache mwen nan nou M ap chache mwen nan mwen Plis m ap gen emosyon m ap pèdi mo Plis map jwenn D-Fi m ap pèdi Rhod M bouke wè djab la lè m gad reflè m Sou fèy blanch m vin refè mond lan avan l refè m M ap rap je fèmen sa kap gide m se kè m E paske pi enpòtan se pa gade men se wè L'émotion est nègre? T'inquiètes Je vais faire avec Voltaire te esklavajis sa pwouve twòp limyè rann avèg Et ouais reyalite lòm rann kè m krispe Gad mond yo a, lè relijyon ap pale menm Kris pe Eklipse menm nan kè limyè Kòman pou m espere on lòt prentan lè m ap viv en plein faits divers 10000 vers paka soule pèn mwen Santiman derasine, c pa j'aime sou Facebook k ap soude kè mwen Twòp melankoli sou lèv mwen Tren de vi mizerab pou m sòti mize rap m' mize sou rèv mwen Men mwayen yo minim nèg Distans ki separe m ak lanmò pa plis ke 9 milimèt Lari pini m nèg fè m wè djab lè m gad reflè m Sou yon fèy blanch mvin refè mond lan avan l refè m M ap chache mwen nan mwen M ap chache mwen nan ou M ap chache mwen nan nou M ap chache mwen nan mwen Plis m ap gen emosyon m ap pèdi mo Plis m ap jwenn D-Fi m ap pèdi Rhod M bouke wè djab la lè m gad reflè m Sou fèy blanch m vin refè mond lan avan l refè m Kijan pou mo m chanje sa lè se soud ki à l'écoute mwen Nan abim se a on mancho m ap mande kout men M vin reklame jenès mwen pandan yo gentan pran avni m Fòk Saahmie (R.I.P) te jwenn lanmò pou m te ka byen konprann lavi Rèv rann nuit mwen diferan men jounen m ret menm Pou m touche syèl bezwen moral Pastè Past ke menm Kouman pou m jwenn kay God si map mache sou pa demon m A kwa bon pou m fè on hit si mpral fini kou Soupa Deno M touye rezon m chak lè kè m vle pale kilpabilite ap wonje m, m kache dèyè mizik pou m devwale m On sample on vyolon ka a mande tris Se kwonik on powèt vyolan kap mande peace M pa rebèl Jis on viktim, jan l ye a m deside viv vi m, m mete l an pwezi pou l parèt bèl E paske mond lan se reflè m Donk refè l mennen fòseman a refè m