Pitit mikwo a, se melodi sa k bèse m Tankou nou tout m te fan, m pa t gen swaf pèse Rap kòm enfliyans Kanal pou fè pase vwa n, m konprann sa Lè Masters t ap mande on ti chans Viv hip hop, lè anpil te di se jis yon mòd Nan kas pi gran yo m konn ORS ak Million Corde M gen pou m mèt de seremoni Li te klè, devan glas la, m te plis mic ke money Se te pasyon m, m pa gen lòt vi apre sa M pa grandi ak party and bullshit men ak Fonta Fiesta Krazy like dead m pran plezi nan pwezi rap rèd Pran mikwo a boule sa, te dezi chak nèg Tout sa nan pakou a Rape vi nèg, Mystik 703 montre m gen granmoun nan lakou a M te gen rap kòm gid, lè m pa t ka ouvè liv Ou te dwe koute Me-Stair pou konn jan m vle viv Yeah fòk m di ou, avan m fè rap, rap fè m Crazy BC depi ban m afè m Rock fam montre m beef ka pote Gen on milyon fason pou apwoche rap e se la tout bote l On panse pou K-Tafal, Dade, Dejavoo Pa pale m de flow, Bon an mouri deja tou Yeah m renmen rap konsa Avan mond yo a Trajik te gentan louvri je m sou mond sa Mwen m akwo depi lè m goute l Rap se tout vi m, lè m pa p fè l, m pèdi nan koute l Sa yo plis jwe nan kas mwen ke festival Règ nimewo 1, idòl yo pa dwe janm tounen rival Rest in peace Jimmy, Izi Nou alonje now, m swete n jwenn bonè n nan vwa Tchak Izili On panse pou Spanish, Iyoudi, Sistah Killa M malad kite m geri m ak Doc ke m feel la Avan m fè rap, rap fè m Pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m Nou jwenn suiv nou, booknanm Goumen pa sa ou kwè N kite Rhod, Reskape, KGY, Plus fier que jamais M pa pantan sou mizik m te e m still fanatik Gen son k mache nan san m gen pou lòt m te maladif Sak te make m yo e m tande yo kounya k ban m nostalji Gen sa m pran san m tou tande elas sou mwen ki pa aji Men tout moun fè sa yo kapab m te renmen tandans lan M te wè m tou piti la pou antre m pat pran chans lan Tande tout rap, men tout rap pa fè efè sou mwen Gen sa m anbwase k ale k kite regrè pou mwen Gen pou sa m bat bravo selman e pou odas yo Sa lè pou reprezante pou rap ki pap rate on okaz yo Men Magik click Mystik e te gwoup rap prefere m M te tou vin adikte pou fè plas m t ap debleye m Rockfam a barikad Mèsi lari a si lakay ou te gen Rock lakay pa m e te barikad Papa w pastè banm playlist ou non nan kay la Si m pa sòti m p ap tande rap sa e pa t janm chay la Konn Rgm aprè map rap ki pot twoke a Baz a mò bay leson daprè w kiyès n ap bay twofe a Kanpe nan lari sèlman pou tande on live show Ou p ap konprann si rap frape w pandan w nan laj yo Ak Hot party epidemi anvayi m Pòtpe gen Nèg sikilasyon bloke lè yo pran lari Epòk Tchakidenn, Ja X m pa detounen w Vize byen lwen on siksè ki t anba 2 tounen w Sou Tèt nou chak gon kouwòn nou merite respè mesye E nou k fè sa k pi di a nou se ekspè mesye Soldat, 2 Trace, Don Maso Super James Lavi Nèg anba ouais mec se ak regrè mesye M ekri verse sa pran l pou on gwo big up Nou toujou voye je sou rap la pou fè l ret straight up Reste pou Jhonny style Ki still ap fight Ki kenbe nivo a e tout sa m pa site yo man word up Avan m fè rap, rap fè m Pran nan men sa l te la avan, kite pou sa k ap vin aprè m Nou jwenn suiv nou, booknanm Goumen pa sa ou kwè N kite Rhod, Reskape, KGY, Plus fier que jamais