Mal dòmi depi lontan men m toujou fè bon rèv Ka di’m pa gen merit men devan lavi m toujou fè bon prèv E Si batay mwen yo pa sifi pou’w reyalize’l Se ou, bon di’m sa’m dwe bay kap sifi pou’w legalize’l Brize on pati nan vi’m, pou bati on demen M vini moun yo banm gwo lanmè m pati an reken Plante rèv yo lannwit lè’l jou solèy griye yo Gen etwal anba dlo a lè’l fè nwa wap wè briye yo M pa reve pou tout moun M limite m son mòtèl man Men si nanm mwen dwe pati pou sa m pa reve kou tout moun Mirak, m konnen’w ka dòmi cheni ou Leve papiyon klè siw son jeni’w gon foli Pandan’m pa inyore sa ki wè’l nan mwen yo M pat kesyone pou defèt siw vle konn pou kisa’l ban mwen yo M dòmi pou repoze’m koulyea m reve pou Hannah M reve pou yon bon père de famille map reve pou papa Rèv yo gen pri Se a baz sakrifis atis tris, plen atifis San pasyon pa gen vi Lalin gide pa m pandan nuit la pot konsèy yo Sou treto yo m te gentan ap reve gwo konsè yo Ouais, rèv yo kite koridò yo pran gran ri Yo di m ap mouri on jou, kidonk m al viv nan nuit Rèv pa konn twò gran, jis on plim pou soutni m M wè pi gwo desepsyon m yo tounen pi bèl souvni m Talan an la, raj ak swe m sèlman k la pou finanse l Forever young, on Jay Z san Beyonce Konstui on bagay apati anyen M t ap panse ak posede on fou lè lòt t ap panse ak on pen Fòse desten m, hasta la victoria M sonje jou m te konn ap reve sa m ap viv jodi a M viv rèv mwen yo, li nòmal pou lavi m fè ou reve Pitit lalin, lè solèy ap kouche mwen m fèk leve