M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo E souvan pou touye w Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Menm sa ki te swete ou monte, kou anlè ap pwovoke tonbe w M vini, m wè, m reziste, yon vrè sòlda repliye, li pa kouri Mande Nas l ap di w, ou pa ka touye yon moun ki pare pou l mouri Pran sa kou testaman, petèt se dènye fwa ou tande vwa m M aprann vale fyète m pou ranpli devwa m M prale san regrè Reyisit mwen te mande m sakrifis M te ret onèt malgre mizè a toujou defann sa ki jis Sekèl yo rete w a di sa te pase ayè Manman raple w 2011, pou tenis m pa t al nan pwogram Pailler E ou te di m, se nan pi move moman yo pou ret pi bon moun nan M pa gen fòs pou m remèt lavi tout kou m pran Ou te di m lavi se grenn chen, pa fye w a lòm Veye zak w ap poze sèl listwa ki ka jije w, kreyon l pa gen gòm Rèv mwen depase geto a, m te vle gen yon vi stab Kouman pou m di ou m te vle vin moun, m pa t vle vin star M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo E souvan pou touye w Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo M se on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Si m pa fè fas ak yo bal k ap touye m nan ap vin do m M p ap mouri anpè si m tonbe anba men trèt sa yo Pito se dwòg ak alkòl la ki touye m tan se nèg sa yo Mwen m pa t twonpe konba, m te toujou konn sou kiyès pou pwente zam mwen Toujou ranpli devwa m kèlkeswa eta dam mwen Lè siksè a vini, vrè vizaj yo devwale M te gen lavi kèk moun pou pwoteje, rezon k fè m pat vle pale Fòk karyè m te dekole pou m te konnen nou pa t youn M se mòd ki pito detui tèt li tan pou l detui moun Pouki ta dwe gen on lòt masak, konbyen frè ankò K pou tonbe, konbyen dlo je k pou koule, konbyen gè ankò Konbyen R I P k pou soumi m epuize M pa vke kwè se ak sa lavi tinèg geto rezime Non se pa pou yon tit pou m al fè lagè An vrè kisa sa ap sèvi limanite si m meyè rapè M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo E souvan pou touye w Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo M se on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Souvan pou touye w, asasen an p ap vin ak zam men ak on bon Plis ap gen mizè, plis tinèg ap akrèk, jalouzi se pwazon Nou kite dèyè epòk sa k te soude n se pasyon Awards vini, label vini, vann rapè rèv fè nèg benyen nan ilizyon Envensib se te premye baz divizyon n Gen sa k te chwazi hype la, m te chwazi ret mwen menm Se mwen k mennen karyè m, se pa karyè m ki mennen m M pa t jan fè do lòt rapè sèvi pon Pou m te grenpe M pa t janm pale youn mal pou fè wè m pi bon M s on Powèt ak Gran P M pa t janm tranpe nan sa k pa klin, tèt pic makaya Toujou fidèl ak pozisyon m pat janm trayi batay la Pou m te rive la ou pa konn sa m travèse Se pa sèlman lank, men gen san ak swè k vèse Zewo goud, san tele san radyo m fè on albòm M se on moun ekri sa sou tonbo m M ap kite lavi m apre lanmò m M s on moun, fèmen sèkèy mwen ekri sa sou tonbo m Si m pa fè fas ak yo, bal k ap touye m nan ap vin nan do m Manman m di m, ou se yon mouton m voye pami lou yo E souvan pou touye w Asasen an p ap vin ak zam men ak yon bo