Fèt e leve nan on fanmi pòv rèv yo vin bonè Se nòmal pou’l anvi grandi, partir a l’aventure fè pwogrè Talan la sou sèn nan wap gad on etwal non sa pa Mari Li chante byen li bèl li gen bèl fòm son kado lavi Li trè devwe on dirait’l fèt pou sa lap fè a Wi li sansib pou karyè’l sa vin fè’l fèb pou sa lap fè a Chante se tout lavi’l ou pap tande’l Frè pou’w pa kriye Pa gen on men’k pou ta kenbe’l fèb ou fò pou’l pat briye Kek kontak tonbe randevou’k pran yo etone’l Se bagay li paka rakonte moun pou sa yap pwopoze’l Talan’l pa sifi prensip yo insignifiant Menm pou on feat yo mande kouche’l wi wout sa chaje pikan Li tonbe’l leve, Li pran manti kou moun sòt Li naïve, yo jwe’l, e yo bal espwa de tout sorte 5 ans aprè, ou wè machann sa se ti mari Vwa toujou la men’l chante selman pou fè pitit li dòmi Vle briye, gen on non kou Felisya Dèl ou Ross Men pou yo l pa gen dwa reve, li la sèlman pou gwòs Jèn, on vwa inik, en fait twòp talan pou l te vann Men se pa bèl vwa k ap ba l on gran karyè men pito devan l Enplore on Bondje k p ap tande l Sa pa gade yo si vwa l fè yo fremi Yo jis vle matyè k pou fè yo bande Mande l sa l pa genyen, krache sou sa l genyen Sou nèt la, moun k ap ba ou like la pa souvan renmenw Se biznis lan, se pa mizik men kò ou k ap ba ou degouden Enpòtan an se pa konn chante men se gouye byen Bay plezi je Anchene relasyon seksyèl pou kontwovès, anchene sextape se tout sa y ekzije l Tounen on chif, chak jou rèv li al pi lwen l Li pa rive fè gran karyè sinon on karyè piten Reyisit ba l poto Yo pa vin diva lè ou gen sèlman albòm foto Nou tout gen gran rèv, men nou tout p ap gen gran karyè E pou Timari l pi tris, li gen 2 fwa plis baryè Se sistèm nan k kanalize echèk li se pa devenn Sa se etwal yo touye, li pa etenn