Man, kouman pou m di w m grandi M fè lavi m tounen on fyasko La m vin rape w sa m pa t janm di w Gad desepsyon an nan je w 26 lane san travay si ou pa ban m m p ap manje M devye man mwen k te dwe wete w nan salte a Men m fèt 2 pye m kwochi, donk m pa t ka mache dwat M anchene betiz sou betiz M pa respekte okenn prensip ou te ban m yo, mwen menm kite legliz Tèt mwen plen très man, m sèl responsab detrès ou m pèdi inosans mwen tout sa nan sèlman trèzan Konbyen fwa m pa reponn apèl ou, nève sou ou Soti granmaten, rantre byen ta tou sou, ou Ki p ap dòmi tout tan m pa rantre Se pa anyen m ap regle, lari a map apante (man) Pou vye rèv pa m yo , m touye rèv ou E tan an pase pase vit, trèzan tankou trèz jou (Man) Regrè m yo sal, m pè gad tèt mwen nan glas La m vin rape w tout sa m pa ka di w anfas (Man) Se pa pitit sa ou te reve genyen M detwi w, tèlman fè w kriye dlo je w ka benyen w (Man) M pa pwomèt ou map sòti, an antadan on lòt nwit blanch, m p ap rantre, priye al dòmi (Man) Pandan m ap ekri w sa kè m fann Kouman pou m diw Tout sa m vle se te rann ou fyè fanm Se pa t pou sa w te sakrifye lavi w Pa pou sa yo te konn ap tire anlè tèt ou, boule machandiz ou lavil Se pa pou te wè m ap pase jounen m sou tèt mi M konprann ou man, ou jis bezwen m fè vi m Men bò isit mizik pa plen vant M konprann enkyetid ou, anvi w, m konnen byen ou bezwen grann Se vre tout tan m nan studio, men m pa redwi lavi a sa Dèfwa avan m dòmi, m konn panse a Nihassa Erè m yo ireparab (Man) M ap eseye refè m ak mizik, onètman m te ka pi mal si se pa t rap Ou fè sakrifis, M konsyan, m vle remèt ou sa men bwat yo pa enterese a on cv rapè aktivis Ou ap tann lisans, m ap siyen cd M pa bezwen vin meyè rapè m jis bezwen vin on meyè pitit M ekri w sa avan pita pi rèd Lapenn pitit vivan pi di ke lapenn pitit ki dead